Le Tout Espò Foutbòll/Chanpyona Vakans Pak Nelson petit frère/Senlwi Dinò: FC. Barlatier, yon ekip ki siprann tout moun e kreye sansasyon nan chanpyona vakans nan (parc Nelson petit frère) ki twouve li nan vil Senlwidinò/depatman Nòdwès Peyi D’ayiti.
Yon pakou prèske san fot, yon match nil, yon defèt, 4 viktwa nan 6 match.
Si nan kòmansman e sou papye yo pa t parèt youn pami ekip ki te ka fè pati kare demi final la, pou anpil moun gwoup sa rive mete fòs yo ansanm pou fè fas kare ak tout ekip ki te reprezante pwa lou nan balans lan.
Viktwa sou FC. Millhomme, Nil fas Ti Rivyè, Viktwa fas FC.. Bèl se 3 pami kat ekip ki te parèt pi bèl.
Se vre se pa yon ekip ki chaje ak endividyalite k’ap briye, men yo ka konte sou pèfòmans gwoup la ak bon travay chak pati nan gwoup la presizeman Gadyen an Pierre Jean Mayky ak Maxon Osker, 2 pami pi bon jwè nan chanpyona, ki rive demake yo pi fasil nan bon pèfòmans regilye yo. ekip sa montre nan ki pwen travay gwoup yo pi enpòtan anpil fwa ke yon ekip bon grenn men ki pa fòme yon kolektif.
Ekip sa a rive chita kò l nan final gras ak demonstrasyon tèt ansanm, volonte, detèminasyon.
Yon gwoup ki jwe chak match kòm yon dènye konba.
Parapò ak pakou ekip sa a, nou ka rive konkli se ekip ki pi anfòm nan chanpyona pou ane a nan nivo fizik ak mantal. Li rete sèlman pou yo konfime ke se yo ki te pi bon sou tout plan ak yon viktwa nan gran final piske advèsè yo pou final la.
KSK, rete sou yon pakou san defèt.
Bravo pou travay gwoup sa FC. Barlatier.
Randevou kase pou vandredi 23 dawou 2024 jan sa pwograme a.
Ret branche, KSK next…
Ekri pa: Arisca Edmond.
Sal redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected]
Téléphone: + (509) 4843 8136.
Le tout au pluriel magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel