AYITI-ANVIWONMAN: ENTEDIKSYON POU PA KONSTWI, PA KOUPE PYEBWA, OSWA PA PLANTE JADEN NAN INITE 1 NAN PAK NASYONAL NATIREL FORÊT-DES-PINS (PNN-FP) AK ALANTOU LI YO
Sou baz Lwa, Dekrè-Lwa, Dekrè ak Arete ki aplikab nan peyi Ayiti, sitou Konstitisyon Peyi a, Kòd Riral 1962, Lwa 29 me 1963 ki adapte Lwa 22 jiyè 1937 sou fason pou abite ak amenaje vil ak kanpay yo, Dekrè 18 mas 1968 sou « Pak Nasyonal » ak « Sit Natirèl », Dekrè janvye 2006 sou Jesyon Anviwònman, ak Dekrè 5 out 2020 ki òganize Ministè Anviwònman;
Lè n pran Arete 29 mas 2017 ki modifye Arete 8 janvye 2014 ki divize Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP) an 2 pati pou Pak la ka pi byen jere;
Lè n konsidere enterè sit natirèl peyi Ayiti yo, espesyalman forè Pinis ak Latifoliè ki nan espas sa a, ki nan Rezèv Biosfè Lasèl, ki plase sou lobedyans UNESCO depi lane 2012;
Lè n konsidere nesesite pou pwoteje resous natirèl ak kiltirèl sa yo pou edikasyon piblik, pwoteksyon byodivèsite, pwoteksyon anviwònman, ak pou fè pwomosyon pou touris dirab;
Entèdiksyon sou aktivite bati, koupe pyebwa, fè wout, ak tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP);
Konsidere atik 62 rive 67 nan dekrè 2020 ki òganize kò siveyans anviwònman an e defini tach kò sa a sou pwoteksyon zòn pwoteje yo;
Konsidere atik 155 rive 157 nan dekret 2006 ki etabli responsablite pénal ak sivil sou infraksyon anviwònmantal yo, e ke dènye dife volontè ke yo te mete nan « Forêt des Pins » sa a reprezante yon infraksyon anviwònmantal:
Ministè Anviwònman fè konnen:
Entèdiksyon Aktivite: Tout aktivite bati, koupe pyebwa, fè wout, afèmè, ak lòt travay tè, kòm byen ke tout tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP) ak zòn ki atache a, entèdi.
Anilasyon Otorizasyon: Tout otorizasyon ki te bay pa Lameri Fonvèret oswa nenpòt lòt otorite pou aktivite bati nan Pak sa a anile san kondisyon.
Pwotokòl:
Koumanike sa a pibliye bay Konsèy Minisipal Fonvèret, Tribinal, Polis Nasyonal Ayiti, ajan ki ap siveye ak pwoteje yo, ak Ajans Nasyonal Pwoteksyon yo (ANAP). Yo obligatwa pou sispann tout aktivite bati, fè wout, afèmè, ak lòt travay tè, ak tout tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP), nan respè delimitasyon Arete 8 Janvye 2014 ak Arete 29 Mas 2017 sou Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP).
Pwopriyete Prive:
Pwopriyete prive ki pa gen papye legal nan pak sa a dwe rete jan yo ye a nan men pwopriyetè yo. Sa yo rete disponib pou leta jan lalwa prevwa, ak selon plan devlopman komin nan ak plan jesyon Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP). leta pa otorize okenn moun bati nan pak sa a, eksepte pou amenajman mache piblik ak enfrastrikti transfòmasyon agrikòl ki resevwa pèmisyon ofisyèl.
Sanksyon Legal:
Lajistis ap pran mezi kont tout moun ki vyole Kominike sa a oswa ki angaje nan aktivite ki entèdi nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP).
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel