Ayiti-Nekwoloji: Yon Medsen mouri nan lopital Fòlibète a, akoz pagen Oksijèn
Jinekològ Paul Roosel CASSÉUS (Doktè Casséus) mouri nan lopital depatmantal Nòdès la ki trouvel nan vil Fòlibète a kise chèf lye depatman an.
Doktè Paul Roosel CASSÉUS ki se anplwaye kap travay antanke jinekològ nan lopital Fòlibète a ta pral rive pèdi lavi li nan lannwit vandredi 30 out 2024 la a 8h53 daprè manm fanmiy lan, ak plizyè te mwen ki te nan lopital la se paske lopital la pat gen yen Oksijèn nan moman kote Doktè a tap soufri ak yon problèm respirasyon.
Malgre dilijans fanmiy lan fè pou rive jwenn yon bonbòn Oksijèn pat gen materyèl ase pou branche bonbòn nan.
N.B: Nan moman n ap ekri la a sou demand fanmiy defen an, jij depè Sipleyan nan tribinal depè Fòlibète a mèt Juslin ISRAËL akonpaye yon grefye ap fè konsta legal yo anvan yo deplase kadav la pou ale mete l nan mòg.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel