AYITI-POLITIK: NAN OKAZYON 3 ZAN SIYATI AKÒ MONTANA A, ANSANM ÒGANIZASYON KI TWOUVE L NAN AKÒ SA A METE DEYÒ YON NÒT POU LAPRÈS POU FIKSE POZISYON L SOU KRIZ POLITIK LA, NAN DAT VANDREDI 30 DAWOUT KI SOT PASE A
Nan fen mwa janvye 2021, plizyè santèn òganizasyon nan sosyete sivil la òganize yon fowòm pou chèche konprann ansanm kriz k ap travèse peyi a.
Fowòm Sosyete Sivil sa a kreye yon Komite pou fè Suivi Rezolisyon ki pran nan fowòm nan. Komite sa a li menm kontakte plizyè lòt òganizasyon ak pèsonalite pou mete sou pye yon Komisyon pou chèche yon solisyon ayisyèn nan kriz peyi a.
Komisyon an pase plizyè mwa travay nan chita-pale, chita-tande ak tout fòs viv sosyal ak politik nasyon an pou jwenn ansanm kijan nou ka sòti peyi nan sitiyasyon grav l ap viv depi twò lontan.
Komisyon an rive ranmase tout lide ki sòti nan echanj li yo pou prezante bay rès peyi a yon ansanm pwopozisyon ki te ka pèmet sòti nan sitiyasyon depandans, mizè ak soufrans peyi a ap sibi.
Ansanm òganizasyon sosyal ak politik yo rekonèt dizon yo nan pwopozisyon an e pran angajman siyen yon dokiman ki se yon akò politik ant òganizasyon yo, jou ki 30 dawout 2021.
Akò a depi dat sa a se zouti konba n pou transfòme sosyete a, pou nasyon ka bay tèt li leta pa l pou sèvi l.
Akò sa a, opinyon piblik la bay non Akò Montana, konfime Ayisyen -fanm kou gason – konn met tèt
ansanm nan moman sa nesesè pou emansipasyon pèp la.
Se ansanm nou deside pou nou reprann dwa grandèt nou epi pwopoze yon chemen pou delivrans popilasyon an kote anpil sitwayen ak sitwayèn mobilize nan pote kontribisyon yo nan ekri fèydewout pou gouvènman tranzisyon an.
Depi lè sa a, li te klè pou nou tout tranzisyon an dwe chita sou: transparans ak redisyon kont; batay kont koripsyon; batay pou dwa viktim yo ; batay pou yon lòt relasyon ant leta ak sosyete a epi pou chita yon etadedwa ; batay pou dwa politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl popilasyon an; batay pou nou tout ka viv ak diyite, tankou moun dwe viv, nan kad yon gouvènans bisefal kote prezidans lan t ap gen yon fòm kolejyal ak 5 manm ki gen reprezantan sosyete sivil nan peyi a tankou nan dyaspora a.
Nou batay san pran souf, pou fè respekte etik ak bòn gouvènans ki defini nan Akò 30 dawout la.
Nan moman kriz politik la vin pi grav toujou nan mwa fevrye mas 2024, yon pati nan kominote entènasyonal ak sektè politik tradisyonèl anndan peyi a mete ansanm pou pèvèti pwojè demokratik
Akò Montana a nan mete yon konsèy 9 manm, san poko gen okenn akò politik.
Batay nou mennen ak lòt sektè pèmèt nou jwenn Akò 3 avril la kote règ kolejyalite a ak prensip konsansis politik la defini pou yon tranzisyon pasifik òdone nan yon demach patisipasyon sosyete a nan desizyon k ap pran.
Montana konprann mannèv ki genyen nan refize pibliye Akò 3 avril la, nan refize mete l an
aplikasyon jis nan refize konfòme ak lespri Akò a. Desizyon politik pa pibliye epi vyole Akò 3 avril la, se pou pèmèt kontinyite sistèm politik tradisyonèl ki gangrennen peyi a ak ensikirite, koripsyon ak enpinite.
Jan BSA a te di l deja nan memorandòm ak plizyè nòt piblik, an patikilye nòt 26 jiyè 2024 la:
Tout sektè òganize nan sosyete a dwe mete fòs yo ansanm, mete divèjans sou kote, pou kanpe an kwa kont deriv ki genyen nan Konsèy Prezidansyèl la ak nan Gouvènman an. Sosyete a dwe ranmase karaktè l epi fè tout presyon pasifik ki nesesè pou ekzije:
• Piblikasyon, aplikasyon ak respè Akò 3 avril la ki gen konsiy klè pou batay pou yon etadedwa;
• Tout otorite ki endekse nan eskandal koripsyon retire kò yo pou yo pa jennen travay lajistis
ak lòt ògàn ki la pou goumen kont koripsyon ak enpinite;
• Ankèt administratif ak jidisyè fèt prese prese pou idantifye, jije ak sanksyone tout konwonpi nan KPT a, nan Gouvènman an ak nan Administrasyon piblik la anjeneral;
• Tout ògàn tranzisyon mete anplas nan respè mekanis konsiltasyon ki prevwa nan Akò 3 avril la;
• Fèy dewout Akò a devlope, pibliye epi mete annaplikasyon.
Nan okazyon 3 zan siyati Akò Montana a, BSA a redi nasyon an, tout siyatè Akò a, tout moun k ap batay pre oswa lwen ak mwayen yo genyen pou pèmèt chanjman fèt nan peyi a, BSA a ap redi nou
pa febli.
Advèsè yo kòryas men yo pa envensib.
Viktwa se pou pèp k ap goumen ak entelijans e detèminasyon.
Entèlijans politik nou, fòs òganizasyon n, kapasite rezistans, ak mobilizasyon sitwayèn nou, n ap konstrui ansanm wout viktwa pèp la.
• Piblikasyon, aplikasyon ak respè Akò 3 avril la ki gen konsiy klè pou batay pou yon etadedwa;
• Tout otorite ki endekse nan eskandal koripsyon retire kò yo pou yo pa jennen travay lajistis ak lòt ògàn ki la pou goumen kont koripsyon ak enpinite;
• Ankèt administratif ak jidisyè fèt prese prese pou idantifye, jije ak sanksyone tout konwonpi nan KPT a, nan gouvènman an ak nan administrasyon piblik la anjeneral;
• Tout ògàn tranzisyon mete anplas nan respè mekanis konsiltasyon ki prevwa nan Akò 3 avril la;
• Fèy dewout Akò a devlope, pibliye epi mete annaplikasyon.
Nan okazyon 3 zan siyati Akò Montana a, BSA a redi nasyon an, tout siyatè Akò a, tout moun k ap batay pre oswa lwen ak mwayen yo genyen pou pèmèt chanjman fèt nan peyi a, BSA a ap redi nou pa febli.
Advèsè yo kòryas men yo pa envensib. Viktwa se pou pèp k ap goumen ak entelijans e detèminasyon.
Entèlijans politik nou, fòs òganizasyon n, kapasite rezistans, ak mobilizasyon sitwayèn nou, n ap konstrui ansanmwout viktwa pèp la.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel