AYITI-BON GOUVÈNANS: LETA PA VIV DE ESKANDAL

AYITI-BON GOUVÈNANS: LETA PA VIV DE ESKANDAL

Lè w ap dirije ou rive yon kote yon konfli ki paka rezoud ak lalwa eklate, si w poko wè solisyon, tounen nan obeljektif yo. Mwen sèten l ap pèmèt ou wè si orijin blokaj la se enterè pou nou atenn objektif yo oubyen si se ego ki akonpanye nou ki laloz li.
Mesye dam, nou pèdi wout la men nou gen yon avantaj nou pa lwen kote pou n repran wout la. Dekrè lwa sou òganizasyon ak fonksyonman leta santal la di, direktè jeneral yo nome pa arete prezidansyèl ki pran nan konsèy minis yo sou propozisyon minis titèl yo. Okontrè se pa gouvènman ki pou travay sou fich teknik pòs yo, se konsèy prezidansyèl la li dwe mande profil moun yo dwe genyen pou chak minis konsène chwazi direktè jeneral ki reponn ak kritè konsèy la sa k ap kreye yon gwo dezekilib e yon posib nouvo malèz nan mitan manm konsèy yo paske tout ministè yo pa gen menm kantite direksyon jeneral e tout direksyon jeneral pa ofri menm degre enfliyans.

Li se yon prensip bazik ke okenn moun ni gwoup pa dwe yon obstak pou leta.
Nan ka sa a se konsensis ki dwe jwenn pou n avanse oubyen bay talon nou paske si nou paka antann nou sou sa a nou pa montre nou nan wotè tach nou.

Leta pa viv de eskandal anplis popilasyon pa prè pou l kontinye soufri lakoz yon senp konfli ke nou transfòme an vyolans.

Mwen se yonn nan moun ki te kwè lè nou tout sou tab la l ap pi fasil pou nou jwenn yon bout a kriz la men, nou mete m sou wout pou m di ke m te twompe m de bòn fwa.

Akonpli misyon nou oubyen bay demisyon nou.

Dr. Guitto JEAN.
Pou yon lòt sidès
NOU PAP BAY VAG !

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!