Ayiti-Koripsyon: Nan dènye lo rapò ankèt Inite k ap Lit kont Koripsyon an (ULCC) mete deyò a yè Madi 3 Septanm 2024 la ki enpengle plizyè ansyen wo fonksyonè nan admistrasyon piblik la ak nan diplomasi a

Ayiti-Koripsyon: Nan dènye lo rapò ankèt Inite k ap Lit kont Koripsyon an (ULCC) mete deyò a yè Madi 3 Septanm 2024 la ki enpengle plizyè ansyen wo fonksyonè nan admistrasyon piblik la ak nan diplomasi a

Ansyen direktris Program Nasyonal Kantin Eskolè a (PNCS) Phanèse LAGUERRE ak plizyè lot anplwaye tankou Alberto DOR, Miratel FANOR, Paul Wilson Jn-Hilaire, Dieudonne FRANÇOIS, Junior CELICOURT ak Magarie TOUSSAINT, mare sosis yo ansanm yo fè leta Ayisyen pèdi anviwon desan senkant milyon twasan swasant sèz mil san katreven sèt goud (250 376 187 goud ) daprè yon rapò 4 paj responsab yo nan ULCC prezante bay laprès.

Anketè ULCC yo fè konnen Phanèse LAGUERRE ak ekip li kreye yon pakèt antrepriz ki pa menm genyen adrès pou vann leta Ayisyen pwodwi pou fè manje pou timoun lekòl yo byen chè, anplis de sa Katreven di pou san (90%) nan antrepriz sa yo se pou anplwaye ki nan PNCS. Nan rapò 4 paj la Inite kap Lite kont Koripsyon an di soti mwa Oktob 2016 pou rive 18 Fevrye 2021 msye dam yo pran plezi nan detounen plizyè kagezon manje kite destine pou plizyè lekòl nan depatman Nò, Lwès, Atibonit ak sant, pandan nan rejis PNCS genyen rapò ki di lekòl yo jwenn manje a, nan travay ULCC a li dekouvri enstitisyon eskolè sa yo pa janm resevwa manje vre.

Komisyon ankèt ULCC a dekouvri tou posesis Madam LAGUERRE te mete kanpe pou achte pwodwi pou fè manje pou timoun lekòl yo pa respèkte lwa sou pasasyon mache piblik la, konsa tou Madam Phanèse ak ansyen responsab operasyon ak lojistik la Jean Junior CELICOURT te itilize pouvwa otorite yo genyen pou yo achte pwodwi pou fè manje yo byen chè nan men akolit yo nan PNCS ki pa menm genyen antrepriz vre.

Nan anviwon 30 mwa madam Phanèse R. LAGUERRE pase nan tèt Program Nasyonal Kantin Eskolè a leta Ayisyen pèdi anviwon desan senkant milyon twasan swasant sèz mil san katreven sèt goud (250 376 187 goud ) se pou sa ULCC fè apèl ak La Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratifs (CSC/CA) pou vin odite Madam Phanèse R. LAGUERRE pandan lajistis ap mete aksyon piblik an mouvman kont li ak tout lòt akolit li yo.
Sous: Ouanaminthe Info Plus.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin.!

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!