Ayiti-Politik: Sekretè jeneral adjwen siyatè akò 11 septanm ak 21 desanm, fikse pozisyon l sou konjonkti politik peyi Dayiti

Ayiti-Politik: Sekretè jeneral adjwen siyatè akò 11 septanm ak 21 desanm, fikse pozisyon l sou konjonkti politik peyi Dayiti

Nan yon rankont ak laprès li te genyen pandan wikenn nan, kòdonatè jeneral adjwen ansanm òganizasyon politik siyatè akò 11 septanm ak 21 desanm nan fikse pozisyon li sou konjonkti politik peyi a ak yon seri konpòtman premye minis Garry Conille vle afiche nan tèt primati a.

Paul Jean Claude Dorvil raple premye minis Garry Conille li sou dezyèm okazyon kote l ap dirije administrasyon piblik la san li pa gen yon twò bon rezilta pase sa, nan sans lan, li fè l konnen ka premye minis la li pa reprezante yon ti gwoup oubyen yon ti klik moun ki vinn jwi, men se pito yon pozisyon pou li bay sèvis ak pèp la.

Pi lwen, Sekretè Jeneral Adjwen an mande peyi ki di yo se zanmi peyi Dayiti yo pou sispann politik woule m de bò a k ap fini nèt ak peyi Dayiti, li mande pito pou devlope bon jan relasyon ak patenarya nan founi bon jan èd pou rive mete peyi a sou ray devlopman san fè ipokrizi.

Pandan pasaj Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken nan peyi Dayiti nan dat 5 septanm pase a, Paul Jean Claude Dorvil pwofite pale ak li pou mande l pote yon mesaj sevè ak tout aktè politik yo ki kenbe peyi Dayiti an otaj ak nan kras epi anpeche li devlope, li rapousib pou l di pèp ayisyen pa bezwen asistana men pito sekirite ak bon jan ankadreman, se lè sa a l ap kapab rive devlope tèt li.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!