Ayiti-Ensekirite/Banditis/Editoryal: Kisa moun latibonit fè otorite leta nan peyi Dayiti yap peye?

Ayiti-Ensekirite/Banditis/Editoryal: Kisa moun latibonit fè otorite leta nan peyi Dayiti yap peye?

Depatman latibonit tounen yon rivyè san, chak jou Bondye mete, moun ap mouri anba bal bandi savyen (gran grif) ak kokorat sanras la kwa peris.
Masak nan lyankou, masak nan pon sonde mete sou anpil zak kidnapin.

Mezanmi bondye, kote la polis nan vil senmak?
Kote ajan polis nan vil gonayiv ki se chèflye depatman latibonit lan?
Kote direktè depatmantal polis la, komisè gouvennman yo?

Otorite yo fè silans pandan tan sa a, popilasyon an lage pou kont li de bwa balan, yo pa konen ki sen pou yo rele 3 zè di matin ayè jedi a, bandi kriminèl anvayi yo lachman, menm timoun pa t epanye.

Se toujou apre yon dividal moun finn mouri nan mitan popilasyon la latibonit lan ak nan anpil lòt kote nan peyi ya tan kou lyankou nap konstate defile blennde ki gen kèk polisye nan inite espesyalize yo ki vinn pote ranfò, ti zòrèy menm tande fwa sa a menm elikoptè deplwaye. Pouki rezilta atò? Gade si nou pa kale je nou, nan je bandi ak sapat bandi ak vès yo pita ap pitris paske nan sa nou ye la a nou pat janmen panse nou tap rive la.

Poutan, se lajan tax popilasyon an k ap peye la polis atò pou ki rezilta

Moun latibonit leve kanpe pou nou defann tèt nou devan tout kriminèl yo, ni sa ki ak kravat ni sa ki ak sapat si pa kale je nou pita ka pitris…

Yo di gen yon fòs entènasyonal ki vini pou ede nou, nou pa wè se nan tenten y ap pase nou si nou pa degaje nou pou defann tèt nou pi ta ap pi tris, paske la polis pa inosan nan sa k ap pase nou la a.
Poukisa pon sonde pa gen ajan nan polis la?
Poukisa kafoupèy pa gen ajan nan polis la?
Poukisa anba mòn peris ki twouve l a kèlke kilomèt vil gonayiv, pa gen ajan polis?

Èske nou pa wè otorite yo livre nou bay bandi san fwa ni lwa yo?
Kesyon k ap poze!

Moun Latibonit espesyalman nan pon sonde, sal redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin, voye di nou kouraj; paske pèp pa janm pèdi batay.

Nou voye sen pati nou bay tout moun ki viktim,ki tonbe anba bal san manman yo.

Ekri pa:
Harry Espoir Michel;
Journaliste PDG. Le Tout au Pluriel Magazin.

Tout Dwa Rezève.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo..

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!