Ayiti-Jistis/CSPJ: Apre dènye desizyon li finn pran, CSPJ mete deyò nan parèt semenn sa a, lis plizyè jij; valè a se 11, li pouse do mete deyò nan sistèm nan; pou koripsyon, mank etik, entegrite moral ak kalifikasyon, move konpòtman epi move zafè
Lis 11 majistra ke CSPJ mete deyò nan sistèm jidisyè pou move zafè ak move konpotman:
– Raymonde Jean Antoine;
Jij adjwen nan tribinal Depè Kenskòf.
Li gen move repitasyon e manke entegrite moral.
Li ta enplike nan pran byen moun ak group nèg ak zam
– Majistra Alphonse Eugène;
Jij adjwen nan tribinal Depè Ench.
CSPJ mete l deyò paske li ta nan mande lajan poul pran desizyon jidisyè, li manke etik ak entegrite moral.
– Majistra Christophe Jean Michel;
Jij ak jij ankèt nan tribinal premye enstans Tigwav, akize kòmkwa kòm jij kap ransone moun ki bezwen jistis e li manke entegrite moral.
Dayè li admèt ke li te lage yon akize de kadejak sou yon minè an retou pou yon sòm 3 milyon goud sou baz yon akò ant pati yo.
– Louis Fils Joseph;
Jij ak jij ankèt nan tribinal premye enstans Aken.
Li gen move repitasyon nan sistèm nan, li ta nan bay fo jijman divòs.
– Vogly Louis;
Jij enterimè nan tribinal lapè Grangwav.
Li gen anpil kritike kont li e li ta nan pran lajan nan men jistisyab yo pandan ke’l pa gen Lisans
– Lyndor Moïse;
Jij adjwen nan tribinal depè Ansavo.
CSPJ reprochel pou mank de entegrite moral, abi otorite, arestasyon abitrè ki mennen nan lanmò yon akize, konplisite nan mete dife.
– Lenor Orientus:;
Jij titulè nan tribinal depè nan Fondèblan.
Dapre CSPJ li ta pran lajan nan men pleyan e li manke entegrite moral.
– Jean Fleury Raymond;
Jij adjwen nan tribinal depè nan Kwadè-Misyon. Li pa sètifye paskel manke entegrite moral, ekstòsyon pleyan yo, patisipasyon nan zak deposesyon ak gang ame.
– Majistra Jean David Moïse Simon, jij adjwen nan tribinal depè nan Jeremi
– Mireille Cherestil Sylvain, jij ak jij ankèt nan tribinal premye enstans nan Ench;
– Jean Mary Toutenva, jij adjwen nan tribinal depè Ench, pa t ‘gen sètifikasyon li paske li gen anpil kritik kont li e li manke entegrite moral ak ransone pleyan.
Nap raple ke Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ,fransè) pran desizyon sa yo sou baz rapò ke Komisyon pou Sètifikasyon Teknik la te soumèt yo eke yo te analize nan dat 23 septanm pou rive 25 septanm 2024 sila.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou sejewakzòrèyouyo..
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel