Meri Dedin Nòt Pou La Près Kominike Meri Dedin Sitwayen, Sitwayèn,

Meri Dedin Nòt Pou La Près

Kominike Meri Dedin
Sitwayen, Sitwayèn,

Meri Dedin nan tèt kole ak Lajistis ansanm ak Lapolis vle asire w ke li rete veyatif ak ansanm fenomèn ensekite a kap taye banda nan Komin vwazin yo. N ap siveye evènman yo ak anpil atansyon epi travay men nan men ak otorite konpetan yo (Lajistis epi Lapolis) pou garanti sekirite tout moun.
Swit ak pwopagasyon nòt vokal chèf Gang ki menase anvayi komin Lestè ak komin voizin li yo, Meri a san pran tan te chita ak Otorite jidisyè yo epi Lapolis pou reflechi sou enpak menas la epi defini estrateji pou kwapel.

Yon lòt fwa nap raplew ke sekirite w se priyorite nou. Nou ankouraje w rete vijilan epi rapòte nenpòt aktivite ou jije ki sispèk bay lapolis.
Ansanm nou ka rive konsève lapè ak sekirite sou Teritwa nou a.
Deja, nou remèsye w pou koperasyon w ak angajman w anvè kominote a. Pou nenpòt kesyon oswa enkyetid, tanpri ou lib pou kontakte nou nan: (+509) 4229-3660/+509 42 27 7621/+509 46 19 7253 /+509 34 86 4132

Franchman nou konte sou ou, Lameri , Tribinal Laprès a ak Lapolis

Desdunes, 24 oktòb 2024

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!