Bonjou! Bonjou! Bonjou!
Mezanmi Sè ak Frè m yo Kouman semenn nan ap ye?
Nou kwè pèp la kapab sipòte toujou?
Nou kwè pèp la genyen kòtòf ankò pou l kontinye pran frap sa yo nan men nouvo FRAPH yo(Viv Ansanm, PHTK ak alye, politichen rachitik…)?
N ap kontinye chita gade madigra mal maske ap fè nou grimas, menm jan yo se grimas nan tout pwofondè yo?
Èske n ap kite yo kontinye trangle nou nan Defòme, nan Tòpiye, nan Detounen tout pawòl ak tout sa k ekri sou papye nan lojik pou kenbe pouvwa yo.
Yon bann madigra mal maske, yon bann Toudenkou ki debake konprann yo kapab fè n leson.
Sa nou konnen e ki INIVÈSÈL:”l’autorité de nomination, est l’autorité de révocation”.
Ou mèt vire pawòl sa devan dèyè l ap ba w menm rezilta. Poukisa yo vle fè n konprann lòt koze?
Poukisa? Poukisa? Poukisa?
Granmoun lontan gen yon pawòl li toujou te renmen di: bourik rete bourik. Nenpòt fason kon l fè MIDI l ap Ranni kanmenm pou fè konnen li la.
Se sa k ap pase ak Gouvènman an. Makout, Atache, PHtk, bandi ak kravat sa yo kap jere bandi ak sapat yo(Viv Ansanm ak alye, politichen opòtinis) pa ta fouti genyen lòt konpòtman.
Pèp Ayisyen Reveye nou!
N ap di yo e n ap fè yo Madigra nou pa pè w ankò.
Pa Marcel
MPM
Tous droits réservés [email protected] Téléphone 50948438136.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel