Ribrik-Lib Opinyon
Kite pèp la esprime l
Pèp ameriken an esprime l ak vòt li. Yo chwazi moun yo vle. Mwen swete Donald Trump siksè nan responsabilite pèp ameriken an konfye l. Mwen ta renmen yon jou pou dirijan ameriken yo kite pèp ayisyen an esprime l ak vòt li tou.
Mezanmi, li pa nòmal pou n pase 5 ane san eleksyon pa janm fèt nan yon peyi e pwoblèm yo ap anpire chak jou.
Anpil konpatriyòt ap mande ki sa eleksyon ka pote pou Ayiti. Yo menm panse mwen gen tò nan batay m ap mennen pou gen eleksyon an Ayiti depi aprè Lanmò prezidan Jovnel Moise.
Mwen toujou kwè se pèp la ki pou chwazi dirijan l. Se vwe gen anpil kontrent ki ka anpeche yon bon eleksyon, sitou ak egzistans gang ame yo.
Donk, li enpòtan pou tout pouvwa tranzisyon ta gen sa kòm priyorite : bay yon dat fiks pou eleksyon fèt, epi aji nan tan sa a pou estope bandi. Si w pa ka fè sa demisyone.
An reyalite, nèg ki gen pouvwa nan tranzisyon aktyèl yo, y ap anvlimen kriz la pou yo fè plis tan sou pouvwa. Se sèl objektif yo : kreye kriz.
Wa Ariel Henry t ap manniganse pou l fè 5 ane sou pouvwa. 9 prezidan yo ak Wa Conille ap manniganse pou fè yon lòt 5 ane.
Pwoblèm peyi a plis sèvi kòz pèsonèl yo. Tranzisyon an bon pou yo, y ap toujou kreye kondisyon ak ensekirite pou eleksyon pa janm fèt.
Yo menm rive fè pèp la kwè eleksyon pa priyorite. Se sekirite ki priyorite e se sa menm y ap alimante pou pèp la pa janm mande eleksyon.
Pèp ayisyen louvri je w, mande dirijan yo eleksyon. Si yo pa kapab demisyone.
Pa:
Sèvitè Fanfan ÉTIENNE
Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel