Bonjou pou ou menm!
Pouki tout reta sa nan Fòmasyon gouvènman an?
Premye mo, ou di tout fòs pozitif ki nan ou menm yo MÈSI paske yo pèmèt ou leve.
Pou yon Ayisyen an n Ayiti jodi a, ou leve se vre men leve pou fè kisa?
Moun Solino, Delmas 24, Nazon Taba, Kabarè, Akayè, Gresye, bref tout moun nan basen Pòtoprens lan ak zòn ki kouwone l yo, anpil ladan yo dòmi yon je fèmen, yon je louvri si yo gen chans anndan kay. Lòt yo menm tankou moun Nazon ak Solino ki t ap kouri pi mal pase kabrit san mèt, yo te nan lari a, 2 je kale ap priye, kriye Lè Sen, Lè Lwa ak Papa Legba pou pwoteje yo kont vyòl, vol ak bal mawon bandi san kè, san larezon.
Maten an kit sa k te dòmi anba kay, kit sa ki te dòmi san kouvèti fèy tòl ak pay, tap gade zetwal yo ak lalin tout nèt nan menm bato a. Yon bato kote KAPTENN YO AP DIRIJE PEYI A REPONN TANKOU NOU T AP DI « aux abonnés absents ».
MEZANMI ÈSKE NOU PA WÈ NAN JE NOU? ÈSKE NOU PA TANDE NAN ZÒRÈY NOU KRI YON POPILASYON VILNERAB?
Nou di Kaptenn yo, n ap pale KPT ansanm ak Gouvènman. Yon nouvo Premye minis nan tèt yon gouvènman demisyonè kote Minis Enteryè a se li menm ki pran Kanè ak yon mansyon ENKAPAB.
Ou pa bezwen etidye Syans politik pou konnen wòl ak responsablite yon Minis Enteryè nan garanti Sekirite Enteryè yon peyi. Ayiti, peyi espesyal nan jesyon Leta ak gouvènans.
Konsa, jodi a moun Solino, Nazon ak tout lòt yo ki kite Kay yo pa fouti espere yon pawòl alewè yon aksyon(dlo, yon plat chaud…) nan men Pwoteksyon Sivil paske Minis lan(Garry Conille) deja mare pakèt li. Senpman, li pa bliye pran tout lajan ak tout avantaj Pòs la pou moman sa.
Pandan popilasyon an anba montay soufrans sa, KPT a ansanm ak Alix Didier Fils-Aimé ap trennen pye yo, ap fè lese frape pou wè ki moun ki dwe genyen pi gwo Moso Gato a.
Nou pa konprann pou 72èdtan apre ranvwa Garry Co nul pou nou nan vid gouvènman sa toujou. Ki sa nap reflechi toujou pou n dekole? Peyi a pa ka rete konsa. POU KI SA NOU CHÈF? Respekte obligasyon moral nou. Se sa ki ba nou otorite. Èske n ap resevwa lajan pèp la pou nou rete ap gade menm pèp sa k ap mouri? Nou gen yon konsyans kòm moun. Reponn kesyon yo zanmi.
E nan menm moman sa a plis Tèritwa ap pèdi, plis moun ap kouri nan tout direksyon, plis pwodui moun bezwen chak jou pou sèvi ap manke(gaz, manje, medikaman, dlo…) plis raketè ap fè lajan, plis oligak yo ap ogmante pouvwa yo ak nwizans yo, plis Ayiti ap tounen « État paria », plis izolman nou nan rejyon an ak nan mond lan ap jistifye.
KPT a ansanm an nouvo Premye minis lan Kilè n ap aji tout bon pou nou reponn obligasyon moral nou devan nasyon an ?
Nou rete ap diskite pale sou privilèj ministè ak direksyon ki bay avantay bagay ki pa gen awè ak ijans popilasyon an.
Èske atitid sa se yon fason pou deja nou di popilasyon an Ayè ak Demen se vye pratik yo n ap ranfòse pou mizè li vini pi rèd?
Pou anpil nan nou atitid sa sispèk. Si sitiyasyon popilasyon an kontinye konsa se pouri l ap fini pouri nèt. N ap ladan tou. Tanpri gwo zotobre yo pran desizyon pou lavi ak diyite popilasyon an. Tanpri voye yon lòt mesaj ak konpòtman nou pou otorite nou di nou genyen an kapab gen bon lodè pou pèp la. Pa fè bouch nou pi long pase zòrèy nou. Mèsi.
Par :
Marcel Poinsard Mondésir
15/11/2024.-
Tous droits réservés [email protected]
Téléphone 50948438136.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel