EDIKASYON/ENÈJI: KISA POU NOU FÈ SI TA GEN YON EXPLOZYON NIKLEYÈ NAN MOND LAN

EDIKASYON/ENÈJI: KISA POU NOU FÈ SI TA GEN YON EXPLOZYON NIKLEYÈ NAN MOND LAN

°Tout gran peyi nan mond lan fòme popilasyon yo pou yo aprann e konnen kisa pou yo fè lè gen yon explozyon nikleyè men malerezman anpil ti peyi tankou Haïti pa konn anyen nan bagay konsa, pèp la konplètman inyore ki efè sa k fè sou kò yo lè yo expoze a yon fòt radyasyon.
•KISA YON EXPLOZYON NIKLEYÈ YE?
Yon explozyon nikleyè se yon explozyon kote gen yon gwo kantite eleman radyoaktif anòmal ki rejete nan lèa, eleman sa yo trè toxik e kapb afekte sante ni moun ni bèt e menm plant yo.
•KISA KI K RIVE NOU SI TA GEN YON AKSIDAN NIKLEYÈ ?
Apre yon aksidan nikleyè depi pa gen yon entèvansyon rapid kifèt eleman radyoaktif yo k antrene 2 konsekans sou lòm:
a) Iradyasyon
b) Kontaminasyon

a) IRADYASYON:
Iradyasyon an c lè yon òganism expoze a yon reyonman ki sòti nan yon sous radyoaktif. Iradyasyon an kapab extèn si sous reyonman sòti an deyò kò moun nan e konsa tou li kapab entèn si sous reyonman an sòti anndan kò moun nan.
b) KONTAMINASYON:
Kontaminasyon extèn la c yon depo kifèt sou po moun nan pa yon sibstans radyoaktif. Kontaminasyon entèn nan c penetrasyon yon sous radyoaktif nan kò yon moun.
Vwa penetrasyon matyè radyoaktif yo kapab pa vwa respiratwa, vwa digestif, vwa kitane (po blese).

Pou evite yon risk an k yon alèt nikleyè moun yo dwe konnen kèk reflèx ki senp tankou: kouri metew alabri yon kote ki byen fèmen, epi gentan bwè yon konprime yòd kelke minit avanw expoze a matyè nikleyè a.

*•GEN PLIZYÈ NIVO GRAVITE YON EVENMAN NIKLEYÈ:
Gen yon nivo gravite entènasyonal ki etabli pou karakterize ensidan e aksidan nikleyè nan mond lan.
Yo relel echèl INES (International Nuclear Event Scale).
Yo klase yo konsa
*Gen evenman nikleyè nivo 1 a 3 ki san gwo konsekans pou popilasyon an ak anviwonman an, yo klase yo kòm senp ti ensidan.
*Gen evenman nikleyè siperyè nan nivo 4 a 7 ke yo klase kòm gwo aksidan nikleyè.
Setyèm nan c denyè nivo yon aksidan nikleyè ki pi wo e yo souvan konparel ak katastwòf ki t fèt nan santral nikleyè Tchernobyl la 26 avril 1986 ak aksidan santral nikleyè Fukushima ki t fèt 11 mars 2011.

La Rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!