Lib-Opinyon Nou pran nan gètapan

Lib-Opinyon
Nou pran nan gètapan

Moun pa m nan.
Mwen vire
Mwen tounen
Mwen monte
Mwen desann
Mwen tounen toupi
Tèlman mwen vire won
Mwen pa fouti wè nan ki
Pozisyon mwen ye
E poutan sanble
Mwen nan mitan vil Pòtoprens.

O non!
Mwen twonpe m
Paske sa m ap gade
Ak 2 nawè m yo
Sa m ap tande
Nan de (2) zòrèy mwen
Fè m kwè se yon lòt kote
Mwen ye.
Gen yon vwa ki di m
Kote m kanpe la rele Pòtokrim.
Lè m leve tèt mwen
Pou m wè ki moun
Ki di m sa
Mwen wè se yon Timoun
Yon tilezanj ki lage pou kont li
Tout Kò l chaje ak mak
Tankou moun yo bat
Ak yon raj
K ap kriye pou
Manman l ak papa l
Pou frè l ak sè l yo
Li pa wè.

Se konsa, mwen vin konprann
Mwen pèdi
Mwen al retwouve m nan yon
Lanfè ki rele Pòtokrim.

Sèl sa mwen di tèt mwen
Men m tonbe nan yon
« Gètapan » (Guet-apens).

Kouman m ap soti?

Enben sèl fason pou m soti
Nan gètapan sa
Fòk moun ki rele tèt yo
Otorite pran tout dispozisyon
Pou trake kriminèl,
Bandi tout plimay
Teworis yo san gade dèyè.

Dayè tout bandi yo piblik
Ni bandi ak kravat yo
Ni bandi ak sapat yo.

Kouman pou soti
Nan gètapan sa?

Moun ki save di
Sèl fason pou soti nan gètapan sa
Se yon operasyon kwaze
Kote swadizan Otorite yo
Mache pran zèfèyis
Kap fòmante move zak

Kesyon pou n poze
Poukisa Operasyon sa
Pa kapab fèt?

Èske genyen yon ale vini
Ant Otorite yo ak zèfèyis yo
Ki kosyone, ki sitire
Epi fasilite gètapan sa?

Ki pwofi Otorite yo tire
nan gètapan sa?

Èske KPT a ak nouvo Gouvènman sa
Dispoze devye gètapan sa ?

Ou byen
Èske dirijan yo ap kite zèfèyis yo defye nou
Pou Tilezanj yo kontinye tonbe nan labatwa lanmò ak maltretans yo?

Desizyon an nan men nou!

Pa :
Marcel Poinsard Mondésir
19/11/2024.-

Tout Dwa Rezève le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!