Lib-Opinyon :
AYITI NAN YON KAFOU MALÈ KOTE LI BEZWEN DIRIJAN KI GEN SANS RESPONSABLITE AK VOLONTE POU DEFANN ENTERÈ PÈP LA.
Depi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) a fin revoke Garry Conille kòm premye minis lendi 11 novanm 2024 la, tout moun remake yon seri nouvo atak gang kriminèl yo ki dayè te anonse atak yo nan videyo ak mesaj odyo pou pwoteste kont revokasyon Conille. Depi lè sa a, moun nan zòn Solino, Nazon, Kriswa ajoute nan lis moun ki ap kouri kite katye lakay yo depi 3 lane.
Madi 19 novanm lan make yon nouvo epizòd kote pèp la ap chèche defann tèt li ak sekou lapolis jan sa te kòmanse nan mwa avril 2023 a. Popilasyon nan zòn Petyonvil, Wo Dèlma, Boudon, Kanapevè (pou nou site sa yo sèlman) te mache chèche nan ravin, nan tout kwen bandi ki t ap kouri kache apre lapolis te fin dejwe yon tantativ yo t ap fè pou atake Petyonvil. Depi apre epizòd sa a, anpil zòn nan kapital la remonte barikad yo. Vijilans la pran yon lòt vitès. Anpil moun nan medya, sou rezo sosyal bat bravo pou bèl viktwa sa a. Men li enpòtan pou nou reflechi avèk tèt frèt sou siyifikasyon dènye evènman sa yo.
Nouvo atak gang yo raple nou yon lòt fwa, konivans yo genyen avèk yon seri aktè politik ak yon bon pati nan boujwazi a se youn nan gwo fòs gang yo. Kanta evènman madi 19 novanm 2024 la, yo montre se nan katye kote òganizasyon fizik espas la ofri gang yo anpil ti koridò pou yo sikile ankachèt, yo genyen plis fòs. Se la yo ka tann pyèj pou lapolis. Jan 2 bakòp lapolis ki pa t menm nan machin blennde bloke gang yo montre limit gwoup kriminèl sa yo. Men nou pa dwe bay tèt nou manti. Gang yo kontinye genyen kapasite pou yo fè deblozay paske sitiyasyon lamizè ak dezespwa fè yo pa manke jenn gason ak timoun pou yo ogmante twoup yo. Yo pa manke zam ak bal, san konte kouvèti politik yo ki poko janm kase. Nan kontèkssa a, gang yo ap pare pou fè reprezay. Nivo malè ki pandye sou kapital la ogmante. Nou pap bliye tou gwo malè ki pandye sou popilasyon Latibonit la. Sa mande pou pèp la kontinye òganize li nan diferan katye pou li defann tèt li. Sa mande tou plis pridans anvan nou akize yon moun kòm bandi. Se pa paske yon moun pa genyen pyès idantite sou li pou brigad vijilans konsidere li kòm bandi pou sa. Fòk nou pa bliye genyen anpil Ayisyen Repiblik Dominikèn depòte. Anpil nan yo pa genyen pyès idantite.
Nan menm kontèks sa a, yon diskisyon tanmen nan Konsèy sekirite Nasyonzini a sou pwopozisyon Etazini ak Ekwatè fè pou konsèy la ta transfòme Misyon Miltinasyonal pou Sipò nan zafè Sekirite (MMAS) nan yon Operasyon militè pou kore lapè, sa ki vle di yon entèvansyon ki pi kosto epi ki ap mande plis lajan pase kantite kòb yo ap chèche, yon lajan yo pa menm ka jwenn pou MMAS la. Lachin ak Larisi bloke pwopozisyon sa a yo konsidere ki pa serye. Nan jan diskisyon yo fèt nan nivo entènasyonal sou zafè sekirite peyi a, Ayiti sanble pa mèt desten li. Nan kontèks sa a, sekirite peyi a sanble chita sou kapris ak enterè lòt peyi ki ap deplase pyon yo.
Devan sitiyasyon sa a, pati RASIN Kan Pèp la mande KPT a pou li sispann konte sou kapris ak lacharite lòt peyi nan zafè sekirite peyi a. Se pou KPT a negosye koperasyon nan zafè achte ekipman, fòmasyon ak antrènman avèk peyi nan rejyon an tankou Meksik ak Brezil ki gen eksperyans nan konbat gang. Si lapolis la nan sitiyasyon difisil li ye jounen jodi a, se paske li mare nan pye tab Etazini ak Kanada ki ap pase nou nan betiz. Apre tout ane sa yo depi Etazini ap egzèse yon kontwòl sou lapolis la, jounen jodi a li ap fè pledwaye nan Konsèy sekirite Nasyonzini pou mande yon operasyon militè pou lapè pou Ayiti. Sitiyasyon sa a dwe revòlte dirijan ayisyen yo. Nou dwe chanje fizi nou zepòl. Se yon okazyon pou KPT a montre li ka negosye prese prese koperasyon ki bon pou peyi a. Pou KPT a rive fè sa, fòk li kredib nan je popilasyon an. Sa mande fòk KPT a mete sou kote 3 manm li ki enkilpe nan kad eskandal koripsyon BNC a pou yo al reponn kesyon lajistis.
Aba tout dikte peyi enperyalis yo nan zafè entèn peyi a !
Viv yon tranzisyon politik ki chita sou kouraj ak entelijans!
Viv yon tranzisyon politik ki mete enterè pèp la espesyalman enterè mas yo an premye!
Pa :
Marc-Arthur FILS-AIMÉ,
Sekretè Jeneral
Camille CHALMERS, Pòtpawòl.
Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel