AYITI-KONFLI/EKONOMI: MÈT CALEB JEAN BAPTISTE DENONSE MOVE MOMAN LI PASE ANBA MEN ASOSIYASYON PWOFESYONÈL BANK YO (APB) AK PLIZYÈ LÒT BANK NAN KAPITAL LA, KI PA DAKÒ RESEVWA DEPO LAJAN LI LAKAY YO
DAPRE TEMWANYAJ MÈT CALEB JEAN BAPTISTE, NAN JOU KI TE VANDREDI 6 DESANM 2024 LA, LI TE ALE LOUVRI YON KONT NAN CAPITAL BANK KI SOU DELMA, LÈ YO FINN LOUVRI KONT LAN POU MWEN YO FÈ M SIYEN, YO PA BANM LIVRÈ YA, YO DI MWEN BANK LA PA OTORIZE YO OUVRI KONT POU MWEN.
MWEN ALE NAN YON BUH KI PETYON VIL NAN PLAZA 41, ANPLWAYE YO FINN FÈ M SIYEN TOUT PAPYE, FÈ M SIYEN SOU KONT LAN, DAM KI T AP LOUVRI K0NT LAN, YO RELE L, LI TOUNEN LI DI MWEN LI PAP KA LOUVRI K0NT LAN POU MWEN YO PA OTORIZE L FÈ SA.
MWEN RI, MWEN PRAN FÒS MWEN EPI MWEN DI M AP KONTINYE BATAY LA POU PÈP LA JWENN KÒB LI AN DOLA EPI FÒK TO CHANJ BRH LA RESPEKTE.
MÈT CALEB JEAN BAPTISTE FÈ KONSTA LEGAL YO, NAN SEMENN SA A SE AP YON LÒT BATAY.
M AP MANDE PÈP LA PRAN RESPONSABILITE LI.
PI LWEN MÈT LA FÈ KONNEN, BANK YO ASOSYE YO POU YO TOUPIZI PÈP LA, YO PRAN PEYI DESSALINES NAN, BATAY LIBERASYON EKONOMIK LA KÒMANSE E L AP KONTINYE JISKA VIKTWA FINAL.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel