AYITI-POLITIK/OPINYON: GEN 3 PATI POLITIK KI PRAN AYISYEN POU ZANNIMO, POU BÈT ANBWA
Selon yon twit Lunie Joseph ak Ajans an liy Métronome, ta sanble Fanmi Lavalas fè konsta echèk total ekip ki sou pouvwa a la (KPT/GOUVÈNMAN).
Si se vre, pati Jean-Bertrand Aristide la pa yon bon jijdepè.
Li ta sipoze konstate KPT a, Gouvènman an ak Diplomasi peyi a kòm KADAV.
OSISENP KE SA.
Epi wete kò l nan tout espas li okipe nan pouvwa sa.
BON SE SI JE LI PA CHÈCH!
3 pati politik panse se tibebe, bèt, granmoun entatad sèlman peyi a gen ladan.
Donk, yo se janlespri, nou se jansòt.
Yo se malis, nou se bouki.
Yo manje vyann, nou manje wòch; yo menm panse nou avèg, epi je kale y ap plimen nou.
Déchèpiye ti graton nou rete a.
1. PITIT DESSALINES:
Timòy di, se La Russie ki te dil antre nan KPT/GOUVÈNMAN, nan tout ti kwenn nan pouvwa a. Jiskaske Poutine di l si Ayiti bezwen x ou z, ekri l.
Poutèt sa, li di bandi kou manm popilasyon an kraze Poutine ap vin ede l rekonstwi.
Donk ki fè jodi a, pòtoprens ak vil ki anviwonnen l yo poko kraze toujou?
Men li gen Vè-Ti-Lè nan KPT, ministè agrikilti nan men li, plis plizyè lòt ti espas ankò.
Kesyon: eske frè a satisfè travay KPT a, GOUVÈNMAN an, KEP a, kondisyon lavi moun yo, kondisyon sekirite yo, etc?
Si non, pou ki li pa ekri Poutine pou nou dat sa?
Oubyen se kouche zòrèy manje sou militan yo pou kont li?
ANN FÈ KOTIZASYON ACHTE 2 SIM AK MINIT POU LI.
Poutine di m….. rire;
2. PHTK:
Pati sa, kòm non li deja di sa li ye.
Pati Ayisyen Tèt Kale donk, li tèlman santi li konfòtab, li bay definisyon manm li ki se: BANDI LEGAL.
Sa vle di atoufè, eskanmòtè, piyajè, dilè dwòg ak masi madi.
Yo la depi 2011.
Yo jis pran espas leta tankou espas dil. Livrezon machandiz…
Yo gen moun nan tout pòs kle nan pouvwa a. Gen enstitisyon otonòm, se sèl papye a ki pa sou non yo.
Men se tankou bèt k ap manje anndan pen.
Tankou sansi k ap souse san.
Eben depi se konsa, fè Ayiti gen yon bon ayewopò non, fè l gen yon bon otorite ladwán, fè l gen yon NATCOM osèvis devlopman telekominikasyon.
Ayiti vann nan dyab ak pati sa.
Tout kote w vire, li sène w.
LOUGAWOU AP DETWI LOUGAWOU.
200 ti granmoun waf jeremi, 200 kretyen vivan latibonit, san konte dèmilye sitwayen ki mouri apre yo fin asasinen Jovenel. Maryaj: PHTK-LAVALAS-OPL+LòtYo, se 7 plè dejip sou Ayiti wi;
3. OPL:
Pa gen pati mètdam konsa.
Se li se pa li.
Depi li egziste, patisipasyon li nan pouvwa se toujou sou baz zanmitay ak kooptasyon.
Malgre li chaje ak kad konpetan men, se toujou deyò pou l chache moun pou met nan pouvwa.
Pandan ou panse se Edgard Leblanc ki pou kò l anndan pouvwa, eben wa sezi dekouvri konbyen ti espas oubyen gwo ki anba men yo.
Pati a te estriktire.
Men li pat janm gen yon plan devlopman tèt li, yon plan modènizasyon. Aprè lanmò Gérard Pierre Charles, degrengolad nèt. Menmsi, se sèl pati nan ti kòb Jovenel te bay la ki achte yon vye lokal. Militan OPL nan tout lari ap chèche mwayen pou viv.
Poutan, yo gen konseye prezidan, sekretè deta, minis.
Kounye a OPL nan asosyasyon ak tout lòt pati, tout lòt moun sosyete a pat janm renmen.
Li konfòtab, l ap montre blan yo li k fè konsansis.
Men, opwofi ki peyi?
Ki pèp?
Pou OPL gen kalite reprezantan sa, pou pati ki te siyen pou voye l nan KPT mande retire l.
Sa biza.
Eben, paske kou l rive sou pouvwa, li bliye tout. BAY MOUDA POU MONTE, GRANMESI CHEN SE KOUT BATON.
Antouka asosyasyon sa ant pati politik yo, ant manm sektè prive yo, ant òganizasyon dwa moun yo, etc…
Konfyolo ant laprès ak pouvwa tranzisyon sa pirèd pase doulè fanm ki gen tranche.
Pirèd pase tranbleman tè.
Se yon kansè k ap manje anndan nou.
Se yon eboulman tè sou lavi, lavni tout peyi a.
RDNP te ka ede ayisyen pa retounen nan vomi an jan pwofesè Manigat te di a.
Men apre lanmò lach, san parèy Eric Jean-Baptiste la, nèg kòrèk, nèg ki gen modonè, ti madanm Manigat ipoteke pati a bay Ariel.
Li pat janm renmen Eric pou chèf pati a (misye pat entelektyèl) se pòch Eric li t ap koupe.
Se pa ti madanm ki gen piwèt soti la rive la non!
Kot bilan bidjè kanpay li?
Mande ankò!
PÈP P AP PRAN NAN BLÒF ANKÒ.
Mouvman sa, Rudy Sanon mèt tou lanse l nèt.
Twòp salte pou n lave deja.
RAd pachiman yo ann jete yo!
Siyen pa: Yvenert Foeshter Joseph.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel