Le Tout D’Aktyalite Entènasyonal: Lame Amerikèn voye Plizyè Milye Sòlda anplis sou Fwontyè Sid Etazini ak Meksik
Administrasyon Etazini pran yon nouvo mezi nan dosye imigrasyon an. Daprè enfòmasyon ofisyèl yo, plizyè milye sòlda aktif nan lame amerikèn resevwa lòd pou deplwaye nan fwontyè sid Etazini ak Meksik. Desizyon sa a vini 2 jou apre Prezidan Donald Trump te mande yon prezans militè pi bawòk nan zòn sa a.
Kounye a, gen anviwon 2 200 sòlda aktif ki deja deplwaye nan kad misyon Joint Task Force-North, yon inisyativ kòmandman nò lame amerikèn ki baze nan El Paso, Texas.
Misyon sa a fèt pou soutni travay Ajans Pwoteksyon Ladwàn ak Fwontyè Etazini (CBP). Sòlda yo ap fè travay lojistik tankou antre done, deteksyon ak siveyans, epi antretyen machin.
Pou kounye a, detay yo poko klè sou ki inite espesifik ki pral deplwaye nan fwontyè a. Pandansetan, mouvman sa a montre yon volonte nan efò pou ranfòse sekirite fwontyè a, pandan administrasyon Prezidan Trump lan kontinye mete aksan sou rediksyon imigrasyon ilegal.
Desizyon pou mobilize plis twoup nan fwontyè a ap kontinye soulve deba politik.
Opozisyon an kritike aksyon sa a kòm yon itilizasyon resous militè pou rezon politik, pandan sipòtè Trump yo wè li kòm yon etap esansyèl pou ranfòse sekirite nasyonal.
Pandan tan sa a, kominote ki ap viv nan zòn fwontyè yo gen gwo enkyetid devan presyon militè sa a, ki kapab gen enpak sou lavi yo chak jou.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 6344.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel