Lib-Opinyon:
Yon patenarya ganyan,ganyan ant (depatman sidès/gransid )peyi dayiti ak kolonbi.
Nou dwe gade kisa n ka konstwi ansanm ak lòt peyi yo ki Nan karayib la.
Deja Venezuela sot montre nou sa nan zafè petrokaribe a(koze gaz)se byen domàj aloufa yo kraze lajan san yo pa fè devlopman Nan peyi a .Men nou wè kisa peyi vwazen nou yo fè ak lajan gaz Pa yo a.
Yon koperasyon sid Sid ki Chita Sou pwoblèm sosyeté a Pou rezoud li.nou Pa pòv nou pap mande charite,se Pa èd Pou nap mande.Men nou ka antann nou Sou yon pwojè devlopman kote 2peyi yo ka negosye je Nan je ak kat Sou tab Pou yon bon Jan politik devlopman dirab.
Nou bezwen mete 2lòt tibin Sou jedo Pou n jere kouran pi byen.
Nou bezwen mete o mwen 3tibin Sou basen ble .San bliye pichon nou ka mete 3tibin Pou rezoud pwoblèm elektrisite a San nou pa deranje sit touristik yo.
Nou Nan yon peyi ki chaje ak tèt mòn van ap vante,solèy ap gaspiye.Enèji ewolyèn e Enèji solè ap ede nou gen kouran Mwen chè.
Yon Sant ewolyèn Sou tèt Jakmel( lamontay, tèt ka jak)
Yon Sant erolyèn Sou tèt mòn Makaya (Sid)
Nou bezwen o mwen 3izin kap fabrike pano solèy.
Nou bezwen 2sant elektrik solè pou Gransid.
Nan echanj kòmèsyal yo nap ranbouse kolonbi oubyen lòt peyi nou trete a ak pwodwi Agrikòl , atisana ,fwi de mè Nan yon peryòd de tan kote Leta 2peyi yo deside.konsa nap rezoud pwoblèm elektrisite a.
Nou bezwen swen entansif lopital yo.laboratwa medikal,Sant transfisyon modèn ki reponn ak nòm yo.nou ka gade yon koperqsyon avèk peyi kiba ki gen pwofesyonel sante Sou fason l ka ede nou ranfòse sèvis ak materyèl lopital yo ,Sant santé yo,laboratwa,sant transfizyon pandan nap reyini pwofesyonel ki fè kouti lakay nou ,sak konn fè sandal,bijou ak lòt pwodwi Pou n peye yo .(Map raple w rad,sandal..Pa bon mache Nan peyi kiba)
Menm Jan nou ka gade ak peyi kolonbi(Lachin) enfrastrikti woutye (pon,wout tren,dalo…)
Menm Jan nou ka gade edikasyon e materyèl teknoloji ak yo.
Fason nou ka ht machin agrikòl, pyès machin Pou n revann lakay nou .fòk nou gade kisa ki koz pyès machin pi chè lakay nou ke kay vwazen nou.Nou ka pran zouti agrikòl Nan men yo annatandan yo montre nou Jan nou ka Monte izin Pou n ka fè zouti agrikòl.izin pou nou fè pyès machin.
Nou dwe pwofite de koperasyon an pou voye moun ki vle al pran fòmasyon sou konstriksyon izin,fè pyès machin ak lòt.
Kisa nou fè nap peye ki kòz se modèl dirijan ki Paka pran desizyon kap bon Pou peyi a nou genyen.
Leta kolonyal la Pa janm panse anfavè pèp.yo sèlman panse a fè koripsyon,eksplwatasyon
,diskriminasyon makonnen Nan tye ròb kriminalite.
Ann pwofite de vini Prezidan kolonbyen an Pou n negosye maché nou an kote nou dwe negosye Pou nou ka ekspòte pwodwi lakay nou Pou nou pote vann yo Sou yon teren echanj.kolombi pa gen yanm Pandan nou gen tout varyete yanm lakay nou,mazonbèl,mandarin ,pitimi ak lòt .se pa sèlman ak kolonbi nou ka fè l. echanj kòmèsyal la ka fèt ak tout lòt peyi .
Ann negosye jimlaj pou edikasyon.
Pou yo ka rekonèt etidyan lakay nou San yo pa bezwen Al rekòmanse
Men pito ya kontinye San obstak sa yo te kòmanse lakay.
Gade diplomasi a.kondisyon Pou moun vizite 2peyi yo.fason nou ka voye etidyan lakay nou al fè staj lakay yo ak pran fòmasyon.
Fason ayisyen imigre nou yo ap viv .
Tretman jèn nou yo resevwa nan fakilte ak lekòl.
Kolonbi fè eksplwatasyon mine ,nou gen dè jèn nou ka voye Al pran fòmasyon Sou fason yo ekstrè mine.
Nou ka fè fwa,Gen echanj kiltirèl yo nou ka fè.
Ayiti dwe gen yon bon Jan koperasyon ak peyi lachin kote nou ka eksplwatè sa lachin fè nou pa genyen Nan yon mache kote tou 2 peyi yo satifè.
Gade fason nou ka negosye yon stad ak standa entènasyonal Pou transfòmasyon Pak penchina.
Negosye konstriksyon wout entènasyonal sidès la ki mennen Nan peyi vwazen an.
Ya mete pay cash Sou li Pou yo ka touche Nan yon peryòd byen defini.
Negosye konstriksyon wout marigo,peredo,makari,
Seguin bout kajak.ya touche Sou wout la.
Mete Nan negosyasyon an konstriksyon pò Jakmel la.
Ya touche yon frè Sou batiman yo kap gen Pou vinn debake.
Sonje mete Nan negosyasyon yo konstriksyon yon èpòt entènasyonal Nan zòn bèlans ,kotdefè.
Degaje nou negosye konstriksyon yon Baz militè ak yon akademi Pou desèvi Gransid.yo tap touche Sou taks Leta pran Sou militè yo.
Nan negosyasyon yo sonje negosye o mwen 4 inivèsite Pou Gransid la ,epòt entènasyonal sidès la dwe Sou tab .
Negosye yon izin Pou fè transfòmasyon fwi de mè ak izin Pou fè transfòmasyon pwodwi agrikòl.
Silvouplè negosye kèk pak jwèt ak standa entènasyonal ya touche l Sou moun kap rantre itilize espas la
di malfrendeng yo Pou mw svp negosye o Mwen 3 izin Pou fè transfòmasyon dechè an pwopàn Pou Gransid la.epi o mwen 4tèminal gaz Pou Gransid.
Li tap bon anpil si Leta kolonyal sa ta fè nou gras epi yo ta negosye yon akademi polis Pou gransid
Yo ta peye l ak taks Leta pran Sou Polisye yo.
Itilize lasalin kòm yon dezyèm labadi.
Bato kwazyè ka sòti Nan zòn nò ak Nan entènasyonal la vini,nou ka fè touris kòt Gransid(lilavach,bèlans,jele…)nan tout lanmè karayib la.Fòk nou devlope touris maritim Nan lakay nou.
negosye kèk maché modèn Pou Gransid la.
Li Pa posib pou moun yo ap vann Nan mitan lari a.
Moun dekouze,kapouj,lamontay,
peredo,Kay Jakmel,kèk kote Nan vil Jakmel,bèlans,kotdefè,Benè
,fondènèg,miragwàn…
bezwen mache
Li Pa posib pou se menm Sansi ki te gen pòs de responsablite ki Pa janm regle anyen .yo pa janm pran desizyon ki bon Pou peyi a ki toujou sou tab negosyasyon Pou sidès ak rès peyi a.batay ak negosyasyon sektarize se pwazon kont devlopman Nan sidès (peyi dayiti)
Nou Paka Nan chowòf ti klan ki bezwen fè kapital politik odetriman depatman sidès ak rès peyi a .
Se vizit Prezidan kolonbyen an ki montre m nivo salòp swa dizan otorite sidès(Ayiti) yo,
Kleptomàn sa yo pa pran pèp sidès la Pou moun.3zan San kouran Nan yon vil jis Pou yo ka fè politik ti klan.kou yo tande Yap gen vizit yo bay kouran Nan kèk zòn.fatra tou patou Nan yon vil,tout twou rego bouche, se Gustavo Petro ki fè salòp yo pyese kèk twou Nan vil la.
Li pa posib pou konstriksyon lekòl de dwa Jakmel la bloke depi aprè lanmò Eric Jean Baptiste.
Li Pa posib Pou majorite lekòl Leta yo Nan abri pwovizwa Depi aprè 12 janvye malgre 1.50ak kòb Sou apèl telefonik diaspora.
Li Pa posib Pou konstriksyon konplèks monchil la Paka fini Pandan Leta ap peye Kay byen chè Nan men patikilye .
Li pa posib Pou endistriyel la kraze Depi 12janvye 2010anyen Pa janm fèt.
Li Pa posib Pou nou pa gen o mwen 2ayopò entènasyonal Nan sidès ak omwen 2nan Gransid.
Li Pa posib Pou nou pa menm gen yon wout tren kap fè gransid.de Jeremi a gresye.
Nou bezwen konsyans Kolektif Pou yon lòt Ayiti .
Jistis Pou(sidès) Ayiti.pèp la Paka viktim toutan. SE pa premye fwa nou jwen opòtinite Pou sòti Jakmel Nan twou.te gen yon finansman espanyòl de 600.000ero Sou Jakmel Pou yo te restoré mache belè a.mache an fè a.premye fevriye 2020 responsansab ministè lakilti ak Meri komin Nan te te depoze Premye yè a.(Premye ròch ki te montre nou projè a lanse)kiyès ki ka ba nou esplikasyon Sou pwojè sa.
Pwojè Ansyen prizon Jakmel la?
Se yon fason Pou m di nou kale je nou Nan popilasyon an.nou Paka viktim toutan .
Ekri pa :
Carsendre Salomon,Fanm sitwayèn angajé Pou Byennèt kolektif.
Konsilte pwogwam Byennèt kolektif Pou Gransid Pou plis enfo.
Tout Dwa Rezève
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel