Ayiti | Ensekirite : 📌 Teworis Viv Nan San🩸yo anvayi komin KENSKÒF, depatman Lwès peyi D Ayiti, byen bonè maten lendi 27 Janvye 2025 la, anpil kout bal ap chante nan plizyè zòn tankou: Belo, Kafou bèt ak Gode.
Selon enfòmasyon yo, Police Nationale d’Haiti – PNH la ap twoke kout bal ak zèfèyis yo nan lide pou ta repouse yo kote plizyè manm nan popilasyon sivil la ta pèdi lavi yo, san konte sila ki soti blese anba bal e ta menm gen polisye ki soti blese nan kad afwontman ak kriminèl yo. Abitan nan lokalite sa yo ap kouri kite kay yo san okenn destinasyon, zèfèyis yo deja boule plizyè kay ak machin nan komin nan.
Malgre zèfèyis inimen sanpidè tout plim tout plimay yo te anonse depi sèmen pase a, y ap anvayi komin nan otorite lokal yo p at janm pran okenn dispozisyon pou fè fas kare ak plan makab malfra yo, si swadizan dirijan « Antre Gimè » yo pa pran bon jan mezi komin KENSKÒF sou wout pou l rantre nan lis teritwa pèdi yo e komin Petyon Vil pral sou kontwòl kriminèl yo.
M ap raple w, Pòt pawòl Adjwen Òganizasyon kriminèl Viv Nan San🩸an, JANMSOTBA, alyas T-BOUTBA nan youn nan mesaj li te fè pase nan yon videyo ki te viral sou tout rezo sosyal yo, pou l te sansibilize teworis yo pou yal fè manifestasyon nan zòn sa yo. Li ale pi lwen pou l di, si moun ki nan zòn teritwa pèdi yo ap tande bri bal ebyen fòk moun nan premye seksyon Montay Nwa komin Petyon Vil, Laboul, Kenskòf elatriye moun sa yo pa dwe ap dòmi anpè.
Ekri pa Blondel Dorveus
Plateforme info
Kenskòf.
Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel