*Chak jenerasyon dirijan kite peyi yo swete pou jenerasyon kap vin dèyè*

*Chak jenerasyon dirijan kite peyi yo swete pou jenerasyon kap vin dèyè*

Aprè jakmèl se fòlibète ki jwenn chans benefisye yon projè nan program demolisyon sosyete nou te genyen ki baze sou respè ak prensip la.

500 milyon pou resevwa prezidan Petro, 536 milyon pou kanaval fòlibète. San deba tou 2 kominin sa yo pagen yon bon kamyon pompye, tou 2 pagen sit dechaj fatra, tou 2 gen yon 5 a 10 km wout yo ta renmen fè pat gen lajan pou sa. Men tou 2 jwenn anviron 4 milyon dola pou konsolide jenerasyon chawa pete moun lane 60, 70, 80 konstwi menmsi nou wont gade ni asime ke moun nap rele timoun 2000 nap estigmatize yo, se evidans echèk nou.

Ann gade nan jakmèl Éric Jean baptiste tap ofri lekòl dwa jakmèl la yon espas poul loje ki kanpe pou lajan, 500 milyon goud te ka fini li ak ekipel, malerezman li pa priorite yon leta kap bay iniorans jarèt. Fòk fòlibète ta gen anpil marenn ak parenn poul ta benefisye 536 milyon goud pou yon projè poulaye ki ka kreye anplwa e konkiranse ze Dominiken yo. Kòm chak jenerasyon dirijan kite peyi yo swete pou jenerasyon kap vin dèyè yo, jenerasyon chawa pete jodia se zèv yon elit tèt pete.

500 milyon pou yon bienvenido a Gustavo petro536 milyon goud gouyad pandan peyi a asyeje. Blan sèl abit yon altènans politik anachik kap fèt anndan yon tranzisyon kolejyal referandòmik ilegal lèm nan opozisyon légal lèm sou pouvwa.

Dim nan kisa leta peyiw envesti map diw ki sosyete w genyen.

Dr. Guitto JEAN
Pou yon lòt sidès

NOU PAP BAY VAG !

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!