Lib Opinyon
Ki kalite van, ki kòmanse
vante la?
Nou pap Kouri di *gade jan la marye bèl*. Nou pran Nòt desizyon otorite PNH yo sitou otorite DCPJ yo pran pou lage KOUKOUWOUJ dèyè sèten moun ki depi kèk tan genyen gwo gwo Soupson sou yo nan kad relasyon ak bandi.
Bandi ak kravat si la yo(peut-être la pointe de l’iceberg) merite pou PNH la mache pran yo, kwizine yo pou yo bay tout chenn rezo yo.
Nou ta swete nouvèl sa yo se pa *effets d’annonces* pou nwaye gwo pwason yo.
Menm jan tou, li fondalnatal pou PNH la ki se *bras armé* Jistis la pran tout dispozisyon pou mennen devan yo Lis Moun *Kou dApèl* la site nan kad lanmò Jovenel Moïse la.
Nou pa dwe bliye se tout antre soti sa yo, tout espageti sa yo k ap nouri, k ap kore ensekirite a nan jwenn lajan pou achte zam ak minisyon pou bandi ak sapat yo kapab vyole, kidnape, boule, touye nou chak jou.
Dayè, nou wè bandi yo vin pi awogan, pi Vyolan, pi sinik, nan zak yo. Fòmil la dwe *Tolerans Zewo* pou tout bandi ak kravat, tout machann mikwo, tout lidè/dilè k ap vin klewonnen nan radyo Pèsekisyon politik. Ou gentan tande Timizik la “en background” kote mouche Alfredo ap fè konnen se “pèsekisyon politik”.
Se menm chanson an Katel Nènèl Cassy yo pral fredone.
Kant a pou sila yo Koudapèl mande pou yo parèt devan Tribinal la, se chak jou nan yon seri radyo pral genyen “*plusieurs concerts* kote yon seri patatis/politichen/envètebre/machann mikwo pral vin chante chanson Pèsekisyon politik pou nou.
Lajistis jwèt pou ou!
DCPJ jwèt pou ou!
Gouvènman si w konnen w ap vin ba nou Thé kowosòl pou w kapab kontinye fè gagòt nou di w pinga! Pinga! Pinga!
Konsèy Prezidansyèl si w konnen w ap vin mete an pratik fòmil Gwo Van Ti Lapli a, nou di w sa pap pase.
Si KPT a ansanm ak Gouvènman konprann y ap vin ba nou bwè Dlo sikre sou baz *effets d’annonces* paske yo pa ta bay DCPJ tout mwayen ak libète pou yo mache pran bandi ak kravat yo yon fason pou fèmen vann ensekirite a, nou di yo, si se ta sa, menm aprè 4 rive sou 5 jenerasyon yo y ap genyen pou yo peye konplisite yo.
Pèp k ap soufri an, an n kale je nou, an n louvri zòrèy nou pou n wè epi tande kisa bandi ak kravat sa yo ap vin di. Nou espère PNH nan Allo Lapolice ap montre vizaj bandi sa yo.
Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
18/02/2025.
Le tout au pluriel magazine nou se zye Ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel