Ayiti-Pwotestasyon: Komite Santral Koulwa Imanitè Solino (KSKIS) ak Komite Kan yo nan pòtoprens, mete deyò yon nòt pou laprès nan dat Mèkredi 19 Fevriye 2025 la pou denonse asasina ki fèt sou polisye BLTS Fito nan atak teworis gwoup “VIV ANSANM” nan Fò Nasyonal
Komite Santral Koulwa Imanitè Solino (KSKIS) ansanm ak tout komite kan yo leve vwa yo pou denonse ak tout fòs atak teworis gwoup “VIV ANSANM” te fè nan Fò Nasyonal jounen mèkredi 19 fevriye 2025 la, ki lakoz asasina vanyan polisye Fito, ki nan inite spesyal BLTS.
Nou di twòp san polisye koule!
Polisye yo se defansè pèp la, nou pap asepte pou san yo ap koule nan eta sa.
Otorite sankoutcha yo pa ka kontinye chita alèz nan yon peyi kote gang ap simen laterè ak lanmò.
Nou pwofite voye yon piga! Bay raketè politik k ap tante fè mouvman moun k ap viv nan kan yo pase pou mouvman k ap defann kòwonpi ak moun k ap finanse gang.
Mouvman an pa gen koulè politik!
Pèp Solino a mande otorite yo antann yo pou met sekirite nan peyi a.
Sispann chire pit!
Nou mande leta a degaje l kou mèt Jan Jak, pran responsabilite li, epi demantle rezo gang teworis yo k ap peze sou do popilasyon an.
Pèp la fatige ak gang, krim san pini, ak vyolans san fen. Nou egzije aksyon konkrè kounye a!
Nan memwa polisye ki tonbe yo, nou pap kanpe!
Nan non pèp Solino a, nou di ase se ase!
Solino Dabò,
Solino Toujou!
Solino n ap tounen!
Ekri pa Komite Santral Koulwa Imanitè Solino ak Komite Kan yo ki se:
Genson Jean Baptiste
Dossous James
Daniel Saintice.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509)48⁷9 – 6344.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel