Lib-Opinyon : Èske se konsa nou vle fè peyi*? *Èske se konsa n ap fè peyi*?

Lib-Opinyon :
Èske se konsa nou vle fè peyi*?

*Èske se konsa n ap fè peyi*?

Bravo Jistis peyi dAyiti.
Aprè desizyon KoudApèl pou fè konnen 3 Tivisye nan KPT a pa kapab prezante devan tribinal pou dwèt long Siperyè, paske yo se Prezidan. Nou di bravo pou jistis peyi n.
Pandan anpil lòt peyi ap fè jefò pou desitire Vòlè lakay yo, sitou moun ki okipe gwo fonksyon, moun tout sosyete a ap obsève, ap gade, Ayiti li menm louvri yon chapit espesyal pou tout gwo dwèt long Siperyè, tout gwo brakè/brasè. An n Ayiti kounye toutotan ou se dechèpiyè, toutotan ou nan gwo konbin pou voye touye moun, toutotan ou kapab genyen plis bandi ak ou se lè sa ou gen tout chans, tout posiblite, tout opòtinite pou okipe pi gwo fonksyon nan Tèt Leta.
Si n konn se manti, mande:
Louis Gérald Gilles
Emmanuel Vertilaire
Smith Augustin
Se paske 3 Abolotyo sa yo fè prèv mil fwa deja kòm espesyalis brakè/kase bra moun pou ba yo djòb se pou sa yo nan tèt Leta ansanm ak lòt yo. 3 sa yo kouvri pou lòt yo. Men Ayiti a. Plis ou pa serye, plis ou gen dwèt long Siperyè, plis ou entèljaaaaaaan tankou Grandèt yo idantifye Vòlè epi bandi ak kravat yo, se plis y ap woule tapi wouj pou ou.

Nou pa wont mezanmi?
Kounye a tout vòlè genyen kat blanch.
Mèsi! Mèsi! Mèsi!

Bravo
Emmanuel Vertilaire
Louis Gérald Gilles
Smith Augustin
Se kounye a nou gen kat blanch pou n kase bra moun pou ba yo djòb epi kontinye dechèpiye Leta.
Se sa k Ayiti a wi.
Plis ou kapab vòlò se plis w ap okipe pi gwo fonksyon nan peyi a.

Sèl sa nou konnen rezilta final chwa dechèpiyè, brakè/brasè sa yo se :
demantibile Leta
destriksyon valè inivèsèl ak moun dwat, moun onèt…
ogmantasyon banditis ak tout fòm kriminalite
pwomosyon enkapab/medyokrite

Marcel Poinsard Mondésir
19/02/2025.-

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!