Lib-Opinyon/
DEKLARASYON PATRIYOTIK
Peyi a ap travèse yon katastwòf san parèy depi yon bon ti tan. Sitiyasyon
an vin pi mal depi asasinaj prezidan Jovenel Moïse :
– Ti bebe yo boule tou vivan
– Fanm ansent yo masakre
– Ti moun kou granmoun ap viktim vyòl
– Polisye, sòlda, ajan BSAP yo ap asasinen
– Etidyan ap tonbe anba bal nan mitan lekòl
– Biznis, lopital, kay, legliz ap boule, dechèpiye plat atè
– Ouvriye ak ouvriyez yo lage de bra pandye
FÒK NOU LEVE KANPE !
Nan non zansèt nou yo, nan memwa tout sitwayen fanm, gason, timoun ak granmoun ki viktim zak teworis anba je otorite pa itil yo.
LEVE KANPE ! Pou yo sispann pran nou pou kabrit yap kòche tou vivan !
LEVE KANPE pou nou ekzije :
1. Lame dwe rele tout ansyen ofisye ak sòlda ki pa kokobe e ki gen tèt yo klè toujou. Tout ajan konpayi sekirite prive ki gen kapasite dwe mobilize. Rekizisyone tout materyèl, ekipman, zam ak minisyon ki disponib nan peyi a.
2. *FAD’H, BSAP, PNH* dwe pran responsablite yo epi deplwaye sou tout teritwa a pou pwoteje pèp la ak byen peyi a.
3. *Popilasyon an dwe fèmen tout zòn epi mete brigad vijilans sou pye* sou sipèvizyon lapolis ak lame.
4. *Leta dwe bay tout mwayen nesesè pou tout fòs lòd yo* ansanm lanse yon operasyon koukouwouj kont tout bandi, kèlkeswa kote yo ye — kit se bandi pye atè, kit se bandi ak kravat.
5. *Sektè prive fòmèl tankou enfòmèl dwe sispann aliyen tankou bœf mawoule ap mennen labatwa*. Fòk yo patisipe san je retye bò kote pèp la ak gwoup òganize yo nan woulmble pou sove epi rekonstwi peyi d Ayiti.
6. *Lajistis dwe degaje l kou met Jean Jacques, mete yon tribinal espesyal pou jije epi kondane kriminèl tout plimaj* avan yo kouri twoke kostim asasen yo pou soutan sakristen kap sèvi pè.
*Ayiti pa anba ensekirite !* Li anba men asasen san fwa ni lwa ki pa gen ni krentif ni pitye !
Tout mezi sa yo pap ka poukont yo kanpe rekritman bandi sou teritwa a. Kidonk, li enpòtan pou otorite yo konprann ke san yon kanpay edikasyon sou konpòtman sitwayen, se lave men siye atè.
Fòk tout medya, rezo sosyo, TikToke, TikTokez ak lòt yo jwe wòl yo tou.
Ministè Kilti ak Kominikasyon dwe kreye fim ak mesaj odyo ki montre valè espòtif, entelektyèl, atis nou yo ki ap fè mèvèy isit ak lòt bò, menm lè anpil ladan yo soti nan geto.
Fòk yo montre jenès la konsekans chwa gang la, epi ki viv yon ti tan tou kout.
Fòk dlo nan je papa ak manman jèn sa yo ki se viktim koupab sansibilize lòt paran yo sou nesesite pou yo voye je sou pitit yo.
Twòp san koule, fòk sa sispann !
Nou mande pèp la pou l rete vijilan ! Sa ki pase nan vey la, nou pa dwe kite l pase nan lantèman an !
Kreyòl pale, kreyòl konprann !
Ayiti, 9 Mas 2025
Sitwayen ak sitwayèn konsekan
A. Laraque
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel