Ayiti-Konstitisyon 38 lane Apre Konstitisyon 1987 la, men vrè figi lagòch nou an:
Pi gwo desepsyon m se atitid ak konpòtman yon seri Fanm ak Gason ki toujou ap klewonnen yon DISKOU ki chita sou Pèp. Tout analiz yo pran Rasin nan idewoloji ak Doktrin Marxis la. Ou ta di yo pi Marxis pase Marx.
Ou pa menm bezwen fouye fon, nenpòt ti grate ou fè ou jwenn ak tou bout yo.
Moman Istorik n ap travèse la parèt pi difisil, pi konplike pou tout travay Mobilizasyon/Konsyantizasyon paske konfyans lan “effriter”, pou pa di pa egziste ankò.
Pèp la pa dakò Sèvi “Escalier” pou Fanm ak Gason Monte pou rive nan Syèl la pandan y ap gade l ANBA.
Kote koze a grav nèt pifò nan moun lagòch yo pòch yo pi ADWAT pase moun ki toutouni kòm Ladwat.
Donk li pi sanble se te pwoblèm grangou ki t ap regle pa te gen anyen pou wè ak idewoloji. Se pou sa n ap naje nan yon Lavalas ENDIFERANS kounye a.
Ni Tab, Ni Tanbou, Ni Lanbi Ni boukè Woz pa fè pèp la briding ankò.
Ekri pa
Marcel Poinsard Mondésir 29/03/2025
Le tout au pluriel magazine nou se zye Ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel