Lib-Opinyon : ÈSKE SE NAN ETA SA MESYE SA YO TE TOUJOU YE.

Lib-Opinyon :
ÈSKE SE NAN ETA SA MESYE SA YO TE TOUJOU YE.

Tout fanmi, tout zanmi, tout kamarad sou ban lekòl depi ti katkat jouk rive nan nivo siperyè, konbatan politik mesye sa yo(Gardy Leblanc Fils, Leslie Voltaire, Fritz Alphonse Jean), fanm ak gason ki fè pakou pwofesyonèl ansanm ak yo(genyen 2 ladan yo se ansyen pwofesè UEH) sa vle di anpil nan moun k ap sibi IMILYASYON BANDI YO sou tout fòm, genyen pratik travay ak yo, nou konnen kapasite analiz ak pwodiksyon yo. Epi tou nou konnen ANDIRANS ak
DETÈMINASYON YO lè y ap mennen yon dosye, lè yo kwè nan yon koze.

Tanpri souple ede m konprann, esplike m sa k pase la, ki kòz ki ta fè lespri twa (3) Mesye sa yo ta *Atrophié* konsa.
Tout se *moun ki genyen lojik, ak bon sans* yo ye sa vle di yo *Rationnels* paske tou twa(3) se ak Chif yo SÈVI.

Se pou tout moun ki pratike mesye sa yo pran kouraj yo ak 2 men pou esplike nou kisa ki fè yo rive nan *état de mort cérébrale* sa.

Ki kote Tranzisyon koupe fache a pase. M sèten Twa (3) Mesye yo tande, wè epi viv Ayiti ap pran kou, Ayiti ap efondre. Nou pa gen pawòl ankò.

31/03/2025.-
Marcel Poinsard Mondésir/TiMasèl

Le tout au pluriel magazine Nou Se zye Ak zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!