Lib-Opinyon :
An n espere ekip sou pouvwa pa “sable le champagne” aprè deklarasyon ameriken yo ki bay teworis panzouyis pinga. Meriken yo di “Pas de coup d’état”.
Alèt sa pa yon kat blanch pou ekip KPT-Didier Fils-Aimé nan atitid kalewès yo, konpòtman manfouben yo, jesyon amatè yo epi enkapasite pou yo pran desizyon pou kwape bandi/teworis yo.
Moun ki gen memwa sonje misyon Carter- Colin Powell la. Deklarasyon Prezidan Carter la epi apre boum Coup d’état.
Dayè, poukisa nan menm sikonstans lan, Meriken yo pa Akonpaye pouvwa sou plan teknik pou pèmèt yo dechouke teworis yo. Meriken yo tankou yo toujou fè l, se yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt.
Li fè bandi-teworis yo konnen limit yo men li pa deside, ni volonte pou elimine yo.
Se yon lòt prèv ankò Bandi yo ansanm ak pouvwa tou 2 mare nan pye tab meriken yo.
Meriken yo soutrete ak CARICOM pou jere Ayiti pou yo. Malerezman, Kilè n ap montre nou se yon peyi e non yon kote.
MPM
14/04/2025.-.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel