Lib-Opinyon: Maten an m ap fè ti koze sa ansanm ak ou ki, menm jan ak mwen, ap chache mwayen pou Ayiti peyi nou an soti nan katyouboumbe li ye la.
Nou nan dènye jou mwa davril la, katriyèm mwa nan lane 2025 lan kote 2 Prezidan deja pran Ochan nan “Villa d’Accueil” la.
San manti, nou te espere yon van lespwa ta pral soufle sou Tè dAyiti ak 2 Prezidan sa yo. Kit Leslie Voltaire ki ale epi ki pase mayèt la bay Fritz Alphonse Jean. Paske pou nou menm, nou te panse 2 majò jon sa yo t ap akòde vyolon yo pou youn mache sou tras lòt paske yo te gen mwayen antann yo byen lontan anvan sou “Tranzisyon Koupe Fache” tou 2 te konn preche, chak ak langaj pa yo. Epi tou, se pa nan KPT a 2 Prezidan yo di “Bonjou pou premye fwa nan espas politik. Yo te konn abitye twoke lide sou peyi a, sou ki mòd gouvènans, ki kalte politik piblik pou yo ta antreprann pou pèmèt Ayiti, peyi yo di yo vle chanje a, pran yon lòt direksyon.
Dayè, 2 Prezidan yo, fè wout ansanm deja nan pi wo nivo Leta a.
Sa vle di pou mwen yo pataje kèk lide ansanm sou Vizyon yo genyen pou peyi a.
Sa ki esplike KAKOFONIE sa?
Sa ki esplike KAFANAÜM sa?
Poukisa pa genyen yon “ajustement”, yon pwogram minimòm, yon konplo pozitif ant 2 Prezidan sa yo pou yo ta montre yo dispoze pran wout Tranzisyon koupe fache a.
Konsa, yo ta pran popilasyon an kòm temwen blokaj la, miray la se pa yo menm.
2 Mesye yo swiv menm chemen ak tout lòt yo. Tout moun ap benyen nan menm rivyè koripsyon an.
Tout moun ap mache nan menm wout endiferans lan.
Tout moun kouvri ak menm dra enpinite a.
Tout moun genyen menm blòk glas manfouben an.
Tout moun genyen boul koton an nan zórèy yo.
Yo tout se degouden ak senkant kòb.
Ils sont les deux faces de la médaille de la corruption, de l’impunité, de la mauvaise gouvernance, du manfoubinis qui ruinent notre chère Haïti.
Èske li twò Ta pou Leslie Voltaire ak Fritz Alphonse Jean fè diferans nan mitan “koulèv 7 tèt 2 ke” a jan pèp Ayisyen batize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an?
Pawòl la di: “seul Dieu et les imbéciles qui ne changent pas”. Mwe rete kwè Leslie ak Fritz pa nan youn nan kategori sa yo.
Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
30/04/2025.-
Le tout au pluriel magazine Nou Se zye Ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel