Refleksyon Doktè Sosyoloji Jean Eddy Saint Paul :

Refleksyon Doktè Sosyoloji Jean Eddy Saint Paul :

« Politik se yon syans li ye. Pou w fè politik, fòk ou gen done, e fòk ou genyen yon metòd. Kiyès ki ka di mwen nan ki lane te genyen yon sondaj ki gen nen nan figui li kote yo te mande moun nan tout sektè nan lavi nasyonal la kesyon sa yo: 1) èske ou panse se Konstitisyon 29 Mas 1987 la ki fè politisyen yo pa regle anyen serye chak lè yo pase anndan leta a? 2) Si repons nan se wi, èske w dakò pou yo chanje Konstitisyon 29 mas 1987 la?

Si te gen demach sa ki te fèt lè sa mwen ta dakò ak lide pou nou atake Konstitisyon 1987 la, mete li an Akizasyon. Sepandan, sòti nan lane 1987 pou rive jounen jodi a, tout politisyen ki pase nan tèt leta a pa gen yon ladan yo ki janm fè okenn efò pou aplike preyanbil Konstitisyon an ki se yon veritab chedèv nan teyorizasyon kesyon dwa a la sitwayènte, sòti nan lane 1987 pou rive jounen jodi a pa gen okenn politisyen ki pase nan aparèy leta a ki jann enterese a mete an aplikasyon Chapit II Seksyon A Konstitisyon 29 Mas 1987 la ki lejifere sou Dwa a Lavi ak Dwa a la Sante.

Sòti 1987 pou rive jounen jodi a, pa gen okenn responsab nan leta a ki te janm fè anyen pou materyalize Seksyon E Konstitisyon an ki pale de Dwa sou Libète Travay. Sòti 1987 pou rive jounen jodi a pa janm genyen okenn responsab nan leta a ki janm fè anyen pou mete an Aplikasyon Seksyon G Konstitisyon an ki pale de Dwa Sekirite. Sòti nan lane 1987 pou rive jounen jodi a, pa gen okenn dirijan nan leta a ki janm fè anyen pou materyalize Tit I Chapit V Konstitisyon an ki pale de Kolektivite Teritoryal.

Enben kounye a, menm kowonpi ki pase ki kraze enstitisyon yo, ki pyafe, ki detounen lajan nan kès piblik, ki itilize pozisyon pouvwa yo pou fè vanse enterè pèsonèl yo, enben se menm politisyen sa yo k ap mache nan medya k ap di « nou nan yon sitiyasyon eksepsyon ». Anfèt nou anfas yon seri nevroze, malad mantal. Pou te fòme KPT a yo te di sosyete a « nous sommes dans un contexte d’extraconstitutionnalité, que la Constitution du 29 Mars 1987 n’est pas applicable », poutan tout moun ki pase kòm Koòdonatè KPT a tout prete sèman sou menm Konstitisyon 29 Mas 1987 la. Èske nou byen nan tèt nou?. Si se pa yon pakèt nevroze nou genyen k ap feraye nan politik peyi a, na di m kisa nou genyen?

Men, poukisa nou jwenn filofòf ak lòt entèlektyèl (moun ki konn li byen) sipòte « cette imposture » demagojik? Nan tèz doktora m nan mwen te esplike gen yon lè k ap rive an Ayiti tèlman sitiyasyon an ap pouri, nou ap konstate sa mwen rele « la mort lente de l’état ». Anefè, lè yon peyi kote se politik vant ki se nòm la, enben klas entèlektyèl la pral transfòme tèt yo an konsiltan. Bay Konsiltasyon se sèl mwayen pou yo kenbe yon sèten estati anndan sosyete a. Lè sa, konsiltan vin tounen yon pwofesyon (une profession en soi) e devan Konsiltasyon pa genyen règ etik. Dayè genyen plis konsiltan pou pòs konsiltasyon ki disponib.

C’est la lutte éffrénnée pour l’obtention des consultations. Nan mizè sosyal ki genyen an Ayiti la, nou poko ap sòti non nan sa nou ye la. Tèren an poko pare pou emèjans demokrasi liberal. J’suis désolé de vous choquer, mais c’est la vérité!

Ekri pa :
Doktè Jean Eddy Saint Paul, travayè sosyal, sosyològ, ansyen pwofesè sosyoloji Dwa. »

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39