Lib-Opinyon:KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo LÈD ANPIL.

Lib-Opinyon:KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo LÈD ANPIL.

KPT ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo RIDIKIL ANPIL.

KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo MALONÈT ANPIL.

KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo SINIK ANPIL.

KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a yo montre nou aklè yo tout SE TIZÈ POUVWA. Anyen Ankò pa Enterese yo.

Etalaj sa pou akouche Konsèy Minis sèl jistifikasyon l se paske tout pati yo pa vle pèdi pouvwa. Sa vle di pa vle pèdi manmèl k ap bay lèt la. Dayè sèl desizyon ki pran nan “Conseil au forceps” sa pa anyen pou wè ak pwoblèm pèp Ayisyen an. Koze Ensekirite a pa t nan Ajenda. Koze deplase yo ansanm ak lavi chè a pa fè pati vokabilè KPT a ansanm ak Gouvènman an.
Mesye yo te bezwen pote repons bay Mèt/chèf yo sou dosye Referandòm ak Code pénal.
Se pa Kowòdonatè KPT a ki li menm ak bouch di Pwojè Konstitisyon sa li pa konprann ni pye l ni tèt li. Se menm li menm ki siyen Dekrè pou Referandòm nan.
Epi tou, pèp Ayisyen nou sonje tout pale anpil ki fèt sou Code pénal sa ansanm ak Code Procédure pénal la. Yo pat janm genyen yon pozisyon klè sou dokiman sa yo. Sèlman dapre sa Ti zòrèy ta rapòte “monsieur le blanc” dakò ak kontni yo. Konsa, mesyedam yo a bon tyoul ap foure yo nan gòjèt nou.
Rezilta “Conseil des Ministres au forceps” sa se pou Mèt/chèf mesyedam yo.
Mesyedam KPT yo ansanm ak Gouvènman di VOUZAN pou nou menm pèp Ayisyen.
Tout ekip pouvwa yo osèvis menm mèt/chèf.

Écrit par :
Marcel Poinsard Mondésir
25/06/2025.-

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!