Libre-Opinion LÈT TOU OUVÈ AK TOUT GROUP AME E TOUT SA KI KONSÈNE NAN DESTABILIZASYON AYITI. 8 jiyè 2025

Libre-Opinion
LÈT TOU OUVÈ AK TOUT GROUP AME E TOUT SA KI KONSÈNE NAN DESTABILIZASYON AYITI.
8 jiyè 2025

O nom Dayiti, peyi nou tout,

Jodia mwen adrese m, ak tout chef group ame yo, mwen mande yo, pou yo fè yon reinyon avek zoom e pataje lyen an. Rekonsilyasyon avèp pèp la.

Yonn apre lot pou deklare tout vyolans kanpe e ofri kolaborasyon yo, pou la pè retabli e disponib pou reponn ak jistis peyi a. Nan menm vwa sa’a pou yo denonse tout alye yo ki te patisipe nan bay yo za m ak minisyo. << yonn pa pibon ke lot>.

Aksyon solanèl sa’a ap bay peyi yon souf de vi, lap voye yon lot imaj de Ayiti nan tout lot peyi. Nap sove peyi nou; nap sove tet nou; pitit nou fanmi nou e garanti yon lot vi, nan yon ayiti ke nou tout ka viv byen ansanm.

Nou menm, chef group ame yo, eske nou ka di nou gen kontwòl tout solda nou yo ?

Ki sa ki di nou, ke anpil nan solda nou yo, pa deja monte group pa yo e demen yo ka kanpe an fas nou ? <>.

ki garanti nou genyen chef group ame tankou : Tilapli, Chen mechan, Lanmo sa jou, krisla, izo, Jeff, Babekyou e latriye ke si nou ta deside kanpe ke solda nou yo kanpe sou lod nou? Gen anpil movè zak kap fèt ki pa volonte chef group yo, se dezod solda yo. << Pita ka pi tris>>

Pandan tout tan yo ap fè sévis solda, yo tap aprann e yo tap reve vini mèt. << Pi sadik, pi chef>>

Leta peyi a, san vizyon e absans li montre a klè, li pa leta pou sèvi pèp e li pa nasyonalis ditou. Nou ka pran pou egzanp kanal Wanament lan ak tout lot kote li ap envesti, men jamè pou reponn ak soufrans polpilasyon an, se yon non sans.

Ignorans leta ayisyen plonje peyi a nan kriz ensekirite a, plis chak jou. Dirijan nou yo, kite yon ti bouton rive nan eta enpitasyon.
Deklin kap pase an Ayiti a, li touche tout ayisyen an dedan kou deyo peyi, nou nan mod otodestwiksyon.

Miltiplikasyon group ame sa ki ap jèmen la’a, se yon bonm a retademan.

Movè yon ti moun ka movè, li ka fè manman li mal, fèl soufri, men se pa li ki ap met kouto anba goj manman li, sakrifyel. Jodia a, nou rive nan pozisyon sakrifis la, eske nou ap krache sou matris la vi nou ?

Mwen pa konprann batay nou an, paske se peyi a mwen wè ki ap detwi chak jou pi plis.

Nou ap pale de revolisyon. Diskou sila’a te dwe fè de nou alye pèp la, men se popilasyon kap mache ak alye sistèm lan pou elimine group ame, ki jodia pote nom teworis.

Gen yon bagay ki pa fonksyone la menm ?

Nou fè zak teworis,men nou pa teworis : nou pap gen kwayans nan anyen, ni filozofi, anken objektif, Yo fè nou tounen ajan destwiktè, voye efè mirwa’a ba yo.

Avek ajan yo genyen an Ayiti, kap ramase grenn kakawèt, pou lajan, yo sèvi ak nou, pou yo ka rive nan bi yo, ki se afebli peyi Ayiti. Pran kontwol total Ayiti, konsa jwenn resous pou yo, Ki nesesè, kap ranfose pwisans yo e kanpe an fas peyi advèsè yo. <>.

Nou janm poze nou kesyon sila’a. Pouki sa Lachine ak La Russie, kanpe an blokaj pou fos militè pa rantre an Ayiti?

Anpil nan nou konprann se paske li respekte Ayiti, se fo, 12 milyon an mèt mouri, li pap bay pasaj pou yo rantre vini pran anyen, ki nesesè pou konstwisyon za m destwiktif, lap pwoteje tet li, PWEN.

Mwen konprann yo itilize nou mal, e objejetif la nou pat konnen li, jodia nou konprann sak fèt la, men nap goumen pou nous sove la vi nou e kontinye kout ke kout.

Jodia, anpil nan nou te ka kalifye pou se ajan siveyans sou fontyè a, si leta te gen vizyon konstwi leta. Sa pran pèsonalite deta ki gen zizyon pou konstwi leta, pa ti ogèyè kap bat lestomak.

Si Ayiti te gen dirijan konsekan, Depatman Lwès la pa tap detwi, e jodia gran ouvèti ap fèt nan lot depatman, tap gen chita pale, tout moun tap peye zak yo davan jisti peyi a la pè tap tounen.
Yo bat lestomak devan 100 ki tome. Jodi, yap konte sak tone yo pa milye e yo kontinye ap bat lestomak yo.

Ki kote sa dwe rive pou yo konprann, ke leta gen yon jan li dwe ye?

Peyi a se peyi nou tout li ye, se <> ki dwe deside sou avni Ayiti.

Jodia mwen fè yon apèl solanèl ak tout sitwayen nan peyi a, pou yo pran desten peyi a, nan men yo, nan yon sèl vwa AYITI DABO.
Nou paka kontinye ap oto detwi tèt nou, paske nou tout se ayisyen.
Ekri pa :
Nyrvah Florens Bruno
Pitit tè Dayiti
Prezidant mouvman
Solda AyitiAyiti Solda
[email protected]

https://www.facebook.com/photo/?fbid=10233229482574005&set=a.1498063126423

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!