Lib-Opinyon/Byennèt Kolektif pou yon konstitisyon istorik:

Depi aprè endepandans nou se toujou lit pou pouvwa nan peyi a ,fòm de gouvèneman yo oblije toutan fè nap chanje konstitisyon yo pou konsolide pouvwa Anpi yo,wayòm yo,gouvènman avi yo,renouvelman de pouvwa yo,tranzisyon yo,koudeta yo.
Malgre chanjman konstitisyon sa yo, sous koripsyon yo toujou prime,sistèm eksplwatasyon kap souse rezous peyi a toujou sou pye.
Entèvansyon fòs milti nasyonal toujou fèt e souye souverente peyi a.
Gouvèneman de doubli yo toujou monte .
Pa gen yon konstitisyon ki te yon rezilta konsansis nasyonal oubyen yon akò klas kap dirije a pwiske se toujou òligaji dominan ki enpoze peyi a yon konstitisyon pandan chak gwo kriz yo.yo toujou vini ak lòt konstitisyon an tou fèt pou kreye anachi politik nan plen 21e sicle la chak jou anachi finansyè ap maspinen pèp la nan kreye dezastre.
Militè etranje yo pa janm vinn regle anyen o pwofi de peyi a,gran pwisans etranje yo tankou etazini,lafrans ,kanada pa janm fè anyen de serye pou resoud kriz la pwiske l nan enterè yo.
Konstitisyon 1987 la kreye anpil diskisyon pale anpil, gen moun ki fè konprann se pou atik 291(makout pa ladan pwiske pou anpil moun sete makout ki te pwoblèm nan)la ki fè anpil ayisyen te al vote l,pou yon seri de lòt moun de yon vòt emosyonèl. Konstitisyon 1987 la pat janm respekte, asanble minisipal yo, eleksyon sa yo pa janm fèt, asanble depatmantal yo, asanble entè depatmantal yo, konsèy depatmantal yo pa janm monte. Daprè konstitisyon 1987 la se nan asanble kolektivite teritoryal yo pou yo te vote jij de pè yo, sa pa janm fèt, te sipoze gen yon konsèy elektoral pemanan, pou nou site sa yo sèlman. Sou prezidan Rene Preval yo te tante amande konstitisyon 1987 la , sa te fini trè mal. Sou prezidan enkilpe Jovenel Moise yo te tante yon avan pwojè konstitisyon, yo te reyalize 3 vèsyon pou referandòm ,sa pat janm arive fèt. Te toujou gen gwo pwotestasyon e diskisyon kont chanjman konstitisyon an.Mekredi 21 Me 2025 gouvenman de fakto a soti yon avan pwoje konstitisyon ke 80% popilasyon an rejte l. Sosyete sivil, pati politik yo, inivesite a pa janm pwopoze anyen, nan moman sa Òganizasyon Byennèt Kolektif sou direksyon Carsendre Salomon travay sou yon pwojè kont avan pwojè konstitition 2025 la .
Komite egzekitif Oganizasyon Byennèt kolektif la te konsilte 5konstitisyon; konstitisyon Amperè Jacques 1er konstitisyon 1805,Salomon Licius konstitisyon 1889,Duvalier François 1964,konstitisyon 1987 ,Moise 2021 pou yo reyalize pwojè silaa.
Òganizasyon Byennèt Kolektif mete aksan sou vrè dat istwa peyi a kote yo te bafwe pèp ayisyen pou yo te toujou kenbe yo nan inyorans: 20 Me ki se dat kreyasyon drapo nwa e wouj ki se drapo Anpi Jacques 1er. Nan konstitisyon sa li pèmèt ayisyen kap viv aletranje gen dwa pou yo patisipe lavi politik peyi l ki se Ayiti, li ranfose pouvwa yon prezidan e responzab tout zak li komèt devan lalwa. Konstitisyon an adopte yon vis prezidan pou konbat sa nou rele tranzisyon an,.konstitisyon sa a ranfòse lwa sou souverènte peyi a ak lwa sou libète ekspresyon ,konstitisyon sa enstore kondanasyon lanmò(pèn de mò) pou kidnapè, teworis, trafikan ògàn moun, li ranfòse lwa sou sekirite e eta de dwa.konstisyon an ensiste pou lwa fondamantal yo respekte e aplike. Pwojè kont pwopozisyon avan pwojè 20205 lan ap pèmèt Ayiti etabli eta de dwa,e stabilite polik,ayisyen ap gen respè ak edinyite devan tout peyi etranje.
se yon travay pou fyète Ayiti nan non zansèt yo pou tout Ayisyen.
Ekri pa :
Carsendre Salomon kòdinatris òganizasyon Byennèt
Tel :37278714 /41833619.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel