Arestasyon/
Reginald Boulos pa ICE:
Yon Gwo Wont pou Elit Ayisyen
an
Arestasyon Reginald Boulos pa otorite imigrasyon ameriken (ICE) se pa yon ti nouvèl, se yon eskandal ki make otan listwa malonèt elit politik Ayisyen yo. Boulos pat yon sitwayen òdinè. Li te toujou sou sèn politik Ayiti, mete tèt li kòm reformatè, patisipe nan plizyè komisyon leta, kit sou gouvènman Préval, kit sou Matelly. Men jodi a, se sou ban ICE yo jwenn li, ak yon dosye ki soulve anpil kesyon sou entansyon li ak moral li.
Ki jan yon nonm ki te toujou pale de “chanje Ayiti” fini pa chape Ayiti pou al kache Ozetazini san papye legal? Eske se refij li t’al chèche oubyen se jistis li t’ap evite? Sa se pi gwo ipokrizi. Boulos te prezante tèt li kòm solisyon, men aksyon
li montre li te plis yon pati nan pwoblèm nan.
Arestasyon li se yon gwo kout souflèt sou tout elit ayisyen ki toujou mete tèt yo pi wo pase lalwa. Se pa arestasyon an ki fè nou sezi, men se manti Boulos te toujou ap viv ladan li pandan li te mete tèt li kòm “mesen” ki sipoze delivre pèp la.
Olye pou l t’ap kouri mete tèt li anba zèl ICE, pa ta pi saj pou Boulos tounen Ayiti pou l reponn kesyon pèp la, korije move tras li kite dèyè yo? Se pa tan pou l kontinye viv nan imaj fo moral li te konstwi a. Se tan pou li fè fas ak reyalite, ak konsekans.
Ayiti pa bezwen lòt bouwo ki kache dèyè pawòl. Li bezwen moun ki ka leve, mande padon, epi ranje sa yo kraze.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel