Libre-Opinion Bonjou tout moun! Nou pèdi chemen kay nou

Libre-Opinion
Bonjou tout moun!

Nou pèdi chemen kay nou

Kiyès Ayisyen k ap ede m jwenn wout pou m ale lakay mwen. Mwen genyen kèk tan mwen sou wout la, mwen konsyan mwen pèdi direksyon. Paske tout repè yo, tout siy ki te konn ede m oryante m yo pa la ankò. Bandi san fwa ni lwa yo detwi tout nèt. Konsa, mwen genyen yon gwo konfizyon nan lespri m. M ap vire mwen remake se menm kote a mwen tounen. Mwen tèlman mache, mwen vin toudi, mwrn sou, mwen delala.Sa k pi grav la, pa genyen okenn nan moun mwen te konnen yo ki la toujou pou m ta mande esplikasyon. Tout blije kite zòn nan. Ni moun, ni jaden, ni bèt.
Sa k pi grav la, genyen movèzodè k ap degaje. Ou ta di se moun ki pase anba raj bandi Viv ansanm yo.

Lè m reyisi reprann mwen, mwen mache jouk mwen rive nan bittasyon m, sa m wè se fyèl bèf.

Mwen mete 2 men m nan tèt mwen m ap rele anmwe pandan tankou nan « litanie des saints » m ap site Non tout Grandèt, tout lòt fanmi ak vwazinaj ki te pataje bitasyon an ak nou.

Moun Kafou fèy, Solino, Delma 24, Site Solèy, Kenskòf, Tirivyè Latibonit, kote Nou?
Vini fè Vrè Konbit la ansanm ak tout lòt yo k ap Mache ki pa konn kote yo pral poze tant yo pou ansanm nou *DECHOUKE* move Zèb sa yo.

Mwen kriye, mwen dyaye epi Mwen di Mèsi mouche Leta, Mèsi Kominote entènasyonal, Mèsi politisyen peyi m.
Mèsi Mèsi, Mèsi.

MPM
16/09/2025

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!