Bonjou moun pa m nan.
Mwen leve ak koze sa yo k ap tizonnen lespri m:
Kouman sa ye?
Ki nivo rezilyan/rezistans lan?
Pou jouk ki lè n ap kapab kenbe?
Kisa kisa kisa k ap fèt?
Kouman pou n fè l?
Koze yo tèlman konplike
Pou pifò nan nou
Lavi a vin gen gou fyèl
Pandan yon ti ponyen
Ap manje gato myèl.
Kisa pou n te fè
Nou pa rive fè?
An nou wè ansanm
Kouman nou va reprann la wout
Menm lè yo fè tout sa n konnen pou touye lespwa
Nou pa dwe bay legen nan konba sa a.
Par
Marcel Poinsard Mondésir
17/09/2025
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel