Kominike! Kominike!
Meri Dedin nan tèt kole ak Lajistis vle enfòme zòn vwazin li yo ke Dedin depi lontan toujou yon teritwa lapè e Akeyan(Sa pap chanje). Nan kominike sa a, nou vle konfime ke Dedin pa afilye ak okenn gwoup ame e li pap sèvi abri tou.
Kidonk, tout moun kap viv Dedin, kit ou se pitit Dedin oubyen yon vwazen ki deplase pou koz tibilans nan zòn li dwe respekte prensip lapè ak lòd ki deja etabli yo.
Pèsonn pa otorize pou pote zam nan komin nan(kit manch li kout, kit li long).
Depi jodya, nap mande ak tout moun ki deplase yo, pou yo pase nan lokal konplèks la ki twouve li sou Boulva devan komisarya, pou yo anrejistre tèt yo.
Yon lòt fwa, nap fè tout moun konnen Dedin pa nan batay, se nan dyalòg ak lapè nou kwè.
Nou remèsye chak moun kap tande oubyen li kominike sila.
Siyen: Meri Dedin
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel