Ayiti!
Kote pitit ou yo.
Èske yo pa gen zòrèy pou tande
Ni je pou yo wè?
Ayiti, kote pitit ou yo?
Èske yo pa santi doulè w
Kòm Manman?
Tout soukous, tout frap, tout
imilyasyon, w ap viv chak jou nan lespri w ak nan kò w, pouki w ap sibi yo?
Se pa pou pitit ou sa yo.
Sa pa di yo anyen.
Ou kwè mwen toujou tande Grandèt yo ap repete: “bourik fè pitit se pou do l ka poze.” Poukisa pawòl sa yo pa ka valab pou ou menm Manman Ayiti.
Moman rive pou tout Pitit yo ki pa kapab gade Ayiti,Manman yo ap depafini konsa pou wè ki kalte konbit nou dwe fè san nou pa nan tout voum se do, san nou pa melanje sila yo ki toujou ap ba w kout kouto, ap senyen w, ap imilye w pou leve w atè a..
Konbit la dwe fèt pou:
Rachte diyite nou
Òganize sekirite tèritwa
Defini politik piblik sou
. Edikasyon
. Sante
. Pwodiksyon Nasyonal
. Tip Ayisyen nou dwe ye
Men chantye nou dwe louvri pou konbit la kapab genyen tout sans li, tout valè l. Se tout Pitit ki santi doulè a rèd ki dwe *ANBAKE*.
Écrit par :
Marcel Poinsard Mondésir
10/10/2025.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel