Referandòm sou Konstitisyon an bwè lwil.
Anpil lajan gaspiye
Lajan pou w pran tan pou konte
Fonn tankou bè nan solèy
Nan menm moman
Pèp ap benyen nan salami.
Timoun pa fouti al lekòl
Akòz twou nan pòch paran
Mouche Leta ap separe
Lajan bay
Entèlektyèl move retay
San konsyans
Nan fòje tout Komisyon
Ak yon seri Non wonflan
Menm jan yo wonfle nan dòmi.
Entèlektyèl manb komisyon sa yo pwofite plen pòch yo. Konsa,
yo menm ak fanmi yo koupe fache nèt ak lamizè pou plizyè jenerasyon. Se menm mizè sa k ap bat kata nan lestomak pèp la wi.
MPM
11/10/2025
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel