Lib-Opinyon:
Poukisa KPT a pa vle aji nan direksyon sa?
Bandi legal yo ap taye banda.
Bandi legal yo ap bat lestomak yo byen fò.
Bandi legal yo ap fè pèp la grimas.
Bandi legal yo ap jwi lajan yo fè tout move kondisyon yo san kè sote.
Bandi legal yo kontinye ap imilye popilasyon a nan “la vie se la coule douce/la vie faste”.
Bandi legal yo kontinye ap tire fisèl nan tout administrasyon piblik peyi a.
Lajistis peyi m kote w?
Lajistis peyi m kilè w ap reveye?
Lajistis peyi m sou konbe estasyon chemen kwa nou ye? Lajistis peyi m konbyen estasyon nou rete toujou?
Eleksyon yo si pa gen anyen ditou ki fèt sou chemen jistis la, nou mèt konnen se Kat blanch, se yon chek lajan kontan nou pral remèt tout Atoufè/bandi légal pou administre/jere peyi nou.
Nou vin di:
Eleksyon Wi.
Men Fòk genyen yon travay BALE DEVAN PÒT KAY LA pou kreye KONFYANS LAKAY POPILASYON AN.
Bale a se 2 GWO aksyon sa yo ki pou fè l:
Sekirite ak Jistis.
Konsa se pou KPT a ta dekrete État d’urgence Jistis ak Sekirite kote pifò resous peyi a ta MOBILIZE POU SA.
Se moun ki fè enstitisyon. Pou n rive nan nivo n ap pale la FÒK SIYAL LA TA SOTI ANWO NÈT:
Chanje Minis Jistis la k ap fè tout lòt travay eksepte òganize jistis la pou pèp la kapab jwenn JISTIS. Se yon potomitan destabilizasyon jistis la ki nan figi n.
Nou tout wè konpòtman ak ajisman l nan anpil dosye.
Chanje ak Reòganize Woetamajò PNH la. C’est un secret de Polichinelle degre pourisman Etamajò a.
Istwa la. Rapò yo la.
Defini yon Plan Deplwaman ak Metriz Bandi (tout Bandi: ak kravat, ak sapat nan tout sektè:politik, ekonomik, entèlektyèl) nouvo Fòs la pandan y ap genyen pou asire sekirite tribinal yo ansanm ak prizon yo.
Òganize yon vre kanpay Sansibilizasyon ak Motivasyon popilasyon an sou tout Aksyon Sekirite ak Jistis k ap antreprann yo pou pèmèt li reprann KONFYANS nan Leta sou baz Aksyon li wè l ap poze pou tabli sekirite a. SenToma nou ye. Chèf yo plen nou twòp deja ak pawòl. Nou vle jije/apresye/mezire zak yo.
Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
21/10/2025
Le tout au pluriel magazine nou se zye ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel