Motivasyon et volonte=Reyisit
Yon desepsyon nan laj 13 lane ki pouse yon moun devni milyadè:
Amancio Ortega Gaona fèt 28 mas 1936 nan peyi Èspay. Òm dafè Èspanyòl, kreyatè mak vètman ZARA ak fondatè Gwoup tekstil entènasyonal Inditex.
A 13 zan, yon jedi swa, Ortega ak manman l Josephina Gaona Hernandez pwan yon imilyasyon devan plizyè moun nan men yon episyè kote yo tal achte kredi nan yon episri ki te refize vann yo. Nan aswè Ortega di 2 frè l, lap kite lekòl, li pwal travay demen maten. Li di yo, yo pap janm pòv ankò.
Anfèt, premye travay Ortega se mache livre chemiz pou Gala pou yon magazen tekstil nan Sant vil la kote yo peye l yon kraze monnen. Pafwa, li itilize velo kidonk bisiklèt pou l fè travay sa.
Aprè yon bon bout tan, li fè kalkil kote l rive fabrike pwòp chemiz sa yo pou vann pou tèt li. Li bay fè ansèy pou pwòp boutik li ak non ZOBRA. Men yon erè glise nan ansèy la, akoz kontrent ekonomik pou korije erè a, li ekri pito nan ansèy la ZARA.
Ortega pa envante anyen. Li kopye wot kouti, li vann mwen chè el fè livrezon pi vit pase lòt konpayi ki ekziste yo.
An 2011, Ortega te moun ki pi rich an Ewòp, selon magazin ekonomik Forbes, ki an 2024, evalye fòtin li a 125,4 milya dola Us. Jounen jodya, li se 3zyèm moun ki pi rich nan mond lan aprè Elon Musk ak Bernard Arnault.
Anpil nan anplwaye yo pa janm rekonèt Ortega. Ortega pa janm bay laprès intèvyou. An 2013, li te asèpte prezante yon konferans fèmen nan inivèsite La Corogne ki te rezève sèlman a etidyan. Okenn medya pat otorize. Men sa pat anpeche kèk enfòmasyon te filtre kanmenm.
Amancio Ortega Gaona mennen yon vi modès senp tankou bonjou. Li pa asèpte pri distenksyon. Li mennen yon vi diskrèt. Chak jou, li dejene menm meni a pou 13 dola menm kote a. Ortega di: liks pèsonèl pa enterese l. Li di li pa bezwen anpil pou l viv. « M pat janm vle devni selèb. M te vle jis pa janm pòv, daprè li. Sekrè Ortega se: koute klyan l yo. Obsève sèn yo. Reyaji trè vit. Obsèvasyon bat inovasyon.
Li fè 40 lane, li pa fè biblisite. Pou limen m, se kalite pwodui a ki piblisite tèt li. Aktyèlman, genyen 7.400 magazen Inditeks nan 174 peyi avèk 160.000 anplwaye. Ortega genyen 59% aksyon nan konpayi sa.
Tout desepsyon nan lavi se pou yon leson pou moun ki asèpte l ak moun ki gen vizyon. Mwen fè rechèch sa yo se yon fason pou m ka motive w pou reyisi nan lavi. Se sa yo m èstime m ka fè pou ou paske m pa gen ni lò ni lajan ni dyaman pou m ofwi w.
Mèsi anpil.
Ekri pa:
Léonel DORCILIEN
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel