Ayiti-Polis Venn-twa (23) ajan Police Nationale d’Haiti – PNH kite peyi a jounen mèkredi, 12 novanm 2025 la pou ale Kolonbi, kote yo pral suiv yon fòmasyon ki pral dire 5 semèn.

Ayiti-Polis Venn-twa (23) ajan Police Nationale d’Haiti – PNH kite peyi a jounen mèkredi, 12 novanm 2025 la pou ale Kolonbi, kote yo pral suiv yon fòmasyon ki pral dire 5 semèn.

Nan gwoup sila a, gen ajan ki soti nan diferan inite tankou BRI (Brigad Rechèch ak Entèvansyon), BLVV (Brigad Lit kont Vòl Machin ak Vyolans) ak DCPJ (Direksyon Santral Polis Jidisyè).

Délégasyon an gen ladan li ajan ki gen plizyè nivo nan karyè yo, soti nan Ajan 1 rive Enspektè.

Pwogram fòmasyon sa a fèt nan kad yon kopérasyon ant Ayiti ak Kolonbi sou kesyon sekirite ak defans.

Ajan yo pral resevwa kou sou taktik entèvansyon, metòd ankèt ak renseyman (entèlijans polisye).

Objektif inisyativ sa a se pou ogmante kapasite ak ranfòse konpetans ajan PNH yo, pou yo ka pi byen reponn ak sitiyasyon difisil nan batay kont krim, gang ak vyolans k ap ravaje peyi a.
#Haiti #PNH #colombia

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!