Bonjou tout moun!
An n fè yon nouvo sèman pou 18 novanm 2025; 222 Lane apre
E si jodi 13 novanm 2025 lan, 5 jou anvan 18 novanm, tout Ayisyen kèlkelanswa kote nou ye, nou ta di Bon Nou Fout Bouke Tout Bon Vre. Zansèt Nou yo, pat fè 18 Novanm 1803, Youn nan pi Gwo Batay nan 19èm Syèk la, kont pi gwo sistèm esplwatasyon Limanite te konnen: Lesklavaj.
Lesklavaj la se pi gwo sistèm esplwatasyon moun limanite konnen. Dayè pi gwo karakteristik sistèm sa, pi gwo kriyote l, se paske « moun ki gen koulè blan » pat konsidere moun ki gen koulè nwa pou moun ». Se te « yon bann bagay, yo te gen dwa Vi ou Mò sou yo ». Se pou sa yo te ba yo tretman sa.
Dayè jouk kounye a, genyen anpil kote sou latè Rasis la fò anpil, apartheid la rèd toujou malgre 18 Novanm 1803 ki akouche 1er janvye 1804 kote Esklav yo sou Tè Sendomeng ki t ap pral tounen Ayiti te pote laviktwa nan yon goumen ki pa gen parèy jouk jodi a.
Nou menm Wi Ayisyen, pitit pitit Esklav yo/Bosal yo ki ekri Listwa Inivèsèl la ak Sang 🩸 nou epi pou kounye a, nou pa frekantab devan okenn lòt pèp.
Poukisa, nou pa ranmase nan sous Listwa sa eleman sa yo:
Volonte, Karaktè, Detèminasyon, Diyite pou n mete Mounite sou Nou pou nou REKANPE AYITI.
An nou di :
Kisa nou pat fè?
Poukisa nou pat fè yo?
Kisa pou nou fè?
Kouman n ap fè yo?
Kijan n ap òganize n pou n fè yo?
Kouman Ayisyen jodi a dwe ye?
Kouman nou wè pou n rive kanpe/fòme Ayisyen nou vle a?
Ki Règ jwèt n ap tabli nan mitan nou?
Kouman n ap fè pou respekte Règ jwèt yo?
Ki sanksyon n ap bay moun ki vyole Règ jwèt yo?
Li pa posib pou se pèp Ayisyen ki soti nan toyo Bosal yo, yon bann moun ki make listwa limanite ak Sang 🩸 yo ki kounye a tounen chifon limanite.
Moman revèy la rivre!
An n refè Vètyè nan fason pa nou!
An n montre limanite Tizon dife Libète a pa tenyen!
Grenadye Alaso
Sa ki mouri nou va vanje yo.
Marcel Poinsard Mondésir
13/11/2025.-
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel