Fèt Endepandans Ayiti « Chè frè ak sè ayisyen, Jodi a, 1ye janvye, se yon gwo jou, yon jou sakre nan listwa peyi nou. Se jou sa a, an 1804. »

Fèt Endepandans Ayiti

« Chè frè ak sè ayisyen,
Jodi a, 1ye janvye, se yon gwo jou, yon jou sakre nan listwa peyi nou. Se jou sa a, an 1804. »

Chè frè ak sè ayisyen,
Jodi a, 1ye janvye, se yon gwo jou, yon jou sakre nan listwa peyi nou. Se jou sa a, an 1804, nan 222 syèm ane sa, zansèt nou yo te leve kanpe pou kraze chenn lesklavaj epi pwoklame libète Ayiti.

Avèk kouraj, sakrifis ak detèminasyon, ewo nou yo tankou Dessalines, Toussaint Louverture, Christophe ak Pétion te montre lemonn antye ke yon pèp ki ini pa ka janm bat. Yo kite pou nou yon eritaj ki gen anpil valè : libète ak diyite.

Jodi a, nou gen yon gwo responsablite.

Endepandans lan pa sèlman yon fèt, men yon angajman pou nou travay ansanm, respekte youn lòt, epi bati yon Ayiti ki gen lapè, jistis ak devlopman.
Nan okazyon sa a, ann rann omaj ak zansèt nou yo, ann renouvle lanmou nou pou peyi a, epi ann kenbe lespri 1804 la vivan nan aksyon nou chak jou.

Viv Endepandans Ayiti !
Viv Ayiti, peyi lib e souvren !

Willy MARTIAL INGÉNIEUR EN SCIENCES DU DÉVELOPPEMENT
INFORMATICIEN
PROGRAMMEUR PC
VÉRIFICATEUR
ADMINISTRATEUR
CHERCHEUR EN DOCUMENTATION ÉLECTRONIQUES […] à 9:49 am portable : (+509) 33216857
E-mail :[email protected]

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!