𝐒𝐀 𝐍𝐎𝐔 𝐃𝐖𝐄 𝐊𝐎𝐍𝐏𝐑𝐀𝐍𝐍 Aprè Donald Trump fin anonse kapti, epwi ekspilsyon Nicolás Maduro nan tèt Venezyela, rejim lan poko ap chanje vre, sa pral pran yon ti tan. An reyalite, se Chavis yo k ap toujou dirije. Poukisa sa?

𝐒𝐀 𝐍𝐎𝐔 𝐃𝐖𝐄 𝐊𝐎𝐍𝐏𝐑𝐀𝐍𝐍

Aprè Donald Trump fin anonse kapti, epwi ekspilsyon Nicolás Maduro nan tèt Venezyela, rejim lan poko ap chanje vre, sa pral pran yon ti tan.
An reyalite, se Chavis yo k ap toujou dirije.
Poukisa sa?

Chavis lan gen prèske 20 lane sou pouvwa.
Se yon sistèm ki fòme anpil moun, anpil kad nan tout kouch sosyete a.
Moun sa yo okipe pozisyon kle nan Leta a: administrasyon piblik, sekirite, jistis, enstitisyon elektoral, elatriye.

Kidonk, menm si opozisyon an ta vin pran pouvwa a, sa ki parèt trè limite pou kounye a, chavis lan ap kontinye kenbe kontwòl tout enstitisyon yo.
Se sa ki fèt, nan pratik, kenpòt moun ki nan tèt peyi a kounye a sistèm nan li menm rete doubout.

Si nou dwe konprann tou, opozisyon an trè fann. Kesyon entèvansyon militè kont Venezyela pa sanble gen anpil pwa reyèl.
Se sitou Pri Nobel Lapè 2025 lan, Maria Corina Machado ki te toujou ap mande Etazini pou fè yon entèvansyon militè pou jete Nicolàs Madulo.

Yon lòt bon, genyen yon mesye ki rele Henrique Capriles, ki se youn nan lidè opozisyon ki pi popilè nan Venezyela.
Dayè, li te kandida 2 fwa kont rejim Chavis la: yon premye fwa kont Hugo Chávez, epi dènye fwa a kont Nicolás Maduro.

Capriles ki, nan lane 2017 entèdi pou egzèse dwa sivik li pou plizyè lane, toujou deklare: « Mwen se yon opozan, ki gen bon sans, fas Nicolàs Madulo. Men, mwen se tou yon patriyòt.
Mwen kont tout antèvansyon lame peyi letranje pou ranvèse Madulo. »

Kidonk, opozisyon an divize, epi se la pwoblèm lejitimite a poze.
Chavis yo toujou rete sou pouvwa a, yo kontwole sistèm nan.
Se poutèt sa, solisyon an toujou rete bloke la, paske pouvwa Chavis la kontinye domine.

Sa ki montre deja, si efektivman USA tchoula Nicolás Maduro sou pouvwa a, venezyela riske fè fas ak yon kriz sosye-politik anraje. Se konsa mwen rive konprann opozisyon an ap toujou fè fas ak yon rejim Chavis, sitou enterè ekonomik Lachin ak Lawisi nan peyi a, yo p ap janm kite Etazini vin mete yo deyò konsa konsa, tandiske yo gentan gen kontwòl chavis yo.

Nou konprann?

𝘿𝙞𝙚𝙪𝙙𝙤𝙣𝙣𝙚́ 𝙎𝙏 𝘾𝙔𝙍, 𝙅𝙤𝙪𝙣𝙖𝙡𝙞𝙨/𝘿𝙤𝙠𝙞𝙢𝙖𝙣𝙩𝙖𝙧𝙞𝙨 𝙖𝙮𝙞𝙨𝙮𝙚𝙣.
3 𝙟𝙖𝙣𝙫𝙮𝙚 2025.

Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!