Bonjou!
An n reflechi ansanm!
Ou menm ki se Ayisyen èske w konnen jodi a se 7 Janvye 2026, èske w kapab pataje ak mwen kouman ou wè 7 fevriye k ap vini la?
Kouman w kwè peyi nou Ayiti ap leve 7 fevriye 2026 la?
Èske w kwè ou kapab kontinye viv nan kondisyon w ye la?
Èske w dakò ak fason moun ki sou pouvwa yo ap mennen gouvènay peyi a?
Kijan w kwè pou nou Chanje gouvènay la?
Kijan w kwè pouvwa dwe Òganize pou 7 fevriye 2026 la?
Ki aksyon w dispoze fè pou w rive nan Mòd Òganizasyon w vle a?
Ak ki gwoup moun ou deside makonnen Fòs ou pou mennen aksyon sila yo?
Sonje nou pèdi anpil tan deja.
MPM
07/01/2026
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel