Bonjou! Kouman sa ye? PNH, kanpay pou chame popilasyon an, ou veritab batay pou dechouke bandi, tout bandi?

Bonjou!
Kouman sa ye?

PNH, kanpay pou chame popilasyon an, ou veritab batay pou dechouke bandi, tout bandi?

PNH la ap eseye kouri chalbari dèyè gang/bandi ak sapat yo. Pouki pou n pa di *pito sa pase anyen ditou*
Men sa pa dwe anpeche nou di poukisa operasyon sa pat mache ak yon plan kote tout eleman yo entegre sitou “en amont” ak Sèvis Entèlijans” yo pou yo te ranmase enfòmasyon ki pou te pèmèt yo rive lokalize “chef bandi/tèt pon” yo, epi idantifye tout kachèt ni moun, ni zam ak tout lòt materyèl ki pèmèt bandi yo redoutable konsa.
Sa fè n konprann responsab sekirite piblik yo pa GENYEN vreman volonte pou elimine/derasinen bandi tout bon. Kote plan ki defini estrateji atak yo pou mete bawon bandi yo anba kòd.
Nou menm popilasyon an nou pa nan demi mezi. Nou pa nan okenn kanpay kominikasyon pou prepare apre 7 fevriye pou bandi ak kravat yo.
Nou pa nan okenn manje rechofe, okenn ti pass kout.
Si otorite Sekirite piblik yo deside mennen batay pou dechouke bandi tout bon, yo konn ki wout pou yo pran. E se tout bandi san wete, san mete.
Dayè bandi ak kravat yo pi redoutable pase bandi ak sapat yo. Rezon an yo konn sa y ap fè a, yo gen enterè ladan l, yo konnen konsekans zak y ap fè yo.
Se pou tout Abolotyo sa yo rache manyòk yo, pou genyen yon ekip responsab ki gen volonte, ki genyen enterè, ki genyen Kouraj ak karaktè pou pran desten Ayiti 7 fevriye 2026, pou trase chemen k ap fè nou rive nan lòt Ayiti a.

Par
Marcel Poinsard Mondésir
16/01/2026

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!