NÒT REMÈSIMAN
Nap salye tout pitit komin nan nan non gran met lavi a ki gen tout pouvwa. Rara nan Dedin
se te toujou youn nan anbyans nan kilti nou ki konekte tout pitit lakay. Nou vle remèsye nou
pou vijilans bann yo te anplwaye sitou apre chita la Mèri, la Jistis ak la Polis te fè ak Dirijan
bann yo nan dat ki te jedi 2 avril la. Kote nou te mande tout bann pou yo ede nou jere vyolans
ènmi deyò ak ènmi lakay tap priye pou rive. Malgre ènmi lakay pa rann kont kèlkeswa nan ti
kwen nan komin nan ta gen yon dega, se yon frè, yon sè, yon kouzen, yon kouzin, yon fanmi
ki tap viktim. Men, sa pat janm te konn regade ènmi lakay, paske ènmi lakay pat janm sibi
enpak dega bouch yo te fe nan rara ki te konn pase yo lè adminitrasyon sa potko la ; kote
moun blese, moun pèdi lavi yo.
Mèsi ak tout responsab bann yo ki te rekonèt chante rara pa dwe mennen nou nan chemen
vyolans. Sa fè 6zyèm ane kote katèl mèri sa a asiste rara san vyolans. Ane sa a, tout moun
temwen bann Sent Woz penetre katye Depo bann Piman e bann Piman penetre Dekawo san
yon woch pa tire. Menm jan tou bann privye ak bann Prensip tap lage bèl parad devan Legliz
katolik kote Laplas 2 bann yo tap fè echanj. Sete bel bagay !
Bravo ! bravo ! bravo ! Otorite yo ap toujou la, an Triyo bò kote popilasyon an poun toujou
pote soutyen nou bay kominote nou an ke nou tout renmen anpil la.
Mèsi
Nedzer PREVILON, Maire titulaire
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel