Haiti-Elections LÉOGÂNE – Yon gwo kriz pete nan Biwo Elektoral Kominal (BEK) Leyogàn nan. Enjenyè Agronòm Garry Alliance deside depoze yon somasyon bay vis prezidan enstitisyon sa a, Mesye Perfito Bodin, li akize kòm moun ki vòlè idantite li pou regle kont pèsonèl epi sabote kandidati li.

LÉOGÂNE – Yon gwo kriz pete nan Biwo Elektoral Kominal (BEK) Leyogàn nan. Enjenyè Agronòm Garry Alliance deside depoze yon somasyon bay vis prezidan enstitisyon sa a, Mesye Perfito Bodin, li akize kòm moun ki vòlè idantite li pou regle kont pèsonèl epi sabote kandidati li.

Dapre enfòmasyon Garry Alliance rann piblik, Mesye Perfito Bodin ta itilize non ak foto kandida a san pèmisyon pou l kreye yon fo kont sou rezo sosyal yo. Aksyon sa a, li kalifye kòm yon « demach kriminèl », ta fèt nan objektif pou vis prezidan an regle kont pèsonèl li avèk pwòp prezidan BEK la, Mesye Cené Eludieu, pandan l ap pwofite atake lòt moun li gen pwoblèm ak yo tou.

Yon plan pou sabote yon kandidati pou depite

Pou Enjenyè Alliance, zak sa a pa rive pa azar. Li antre dwat nan yon konplo pou sal repitasyon li epi sabote kandidati li kòm depite pou sikonskripsyon Leyogàn. Kandida a fè konnen se dezyèm fwa vis prezidan BEK la ap lanse atak sou li. Konpòtman sa a montre klè, dapre li, Mesye Bodin ap travay pou enterè yon sektè politik byen detèmine. « Ekip mwen an pran koze sa a trè o serye », se sa Garry Alliance deklare.

Konsèy Elektoral la pral sezi ofisyèlman nan dosye a

Kandida a pa sèlman voye yon somasyon bay konsène a. Nan jou k ap vini yo, li prevwa adrese yon korespondans ofisyèl bay Prezidan Konsèy Elektoral la pou enfòme enstitisyon an sou move zak vis prezidan BEK la. L ap voye kopi somasyon an kòm anèks pou otorite elektoral yo ka pran desizyon administratif ak sanksyon
ki nesesè yo kont Mesye Bodin.

Pandan l ap fini nòt li a, Garry Alliance montre li detèmine pou l kontinye batay kont sa li rele « malveyan nan Leta yo ».
Li kwè se sèlman yon alyans ki sensè k ap kapab frennen « vakabondaj enstitisyonèl » k ap ronge enstitisyon peyi a.

Pa Garry ALLIANCE, ING.AGR

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!